Èske nou konnen sa Seyè nou an te di? Yo te reponn: 'Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen.' Li te di: 'Pami sèvitèm yo, gen moun ki reveye nan yon eta kote yo kwè nan mwen, epi gen moun ki reveye nan yon eta kote yo pa kwayan.
Daprè Zayd ibn Khalid al-Juhani (ke Allah satisfè de li), li te di:
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te dirije lapriyè maten an pou nou nan Al-Hudaybiyah, aprè yon lapli ki te tonbe nan mitan lannwit lan. Lèl te fini, li te vire fas li bò kote moun yo, li di: "Èske nou konnen sa Seyè nou an te di?" Yo te reponn: "Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen." Li te di: "Pami sèvitèm yo, gen moun ki leve nan yon eta kote yo kwè nan mwen, epi gen moun ki leve nan yon eta kote yo pa kwayan. Konsènan moun ki te di: 'Nou te resevwa lapli gras a favè Allah ak mizèrikòd li,' moun sa a kwè nan mwen epi li pa kwè nan zetwal yo (kòm sous lapli a). Men, konsènan moun ki te di: 'Nou te resevwa lapli gras a etwal sila a oswa etwal sila a,' moun sa a pa kwè nan mwen epi li kwè nan zetwal yo."
صَلَّى لَنَا رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ صَلَاةَ الصُّبْحِ بِالْحُدَيْبِيَةِ عَلَى إِثْرِ سَمَاءٍ كَانَتْ مِنَ اللَّيْلَةِ، فَلَمَّا انْصَرَفَ أَقْبَلَ عَلَى النَّاسِ، فَقَالَ: «هَلْ تَدْرُونَ مَاذَا قَالَ رَبُّكُمْ؟» قَالُوا: اللهُ وَرَسُولُهُ أَعْلَمُ، قَالَ: «أَصْبَحَ مِنْ عِبَادِي مُؤْمِنٌ بِي وَكَافِرٌ، فَأَمَّا مَنْ قَالَ: مُطِرْنَا بِفَضْلِ اللهِ وَرَحْمَتِهِ، فَذَلِكَ مُؤْمِنٌ بِي وَكَافِرٌ بِالْكَوْكَبِ، وَأَمَّا مَنْ قَالَ: بِنَوْءِ كَذَا وَكَذَا، فَذَلِكَ كَافِرٌ بِي وَمُؤْمِنٌ بِالْكَوْكَبِ».
Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te fè lapriyè Fajr la nan Hudaibiyah — ki se yon vilaj ki pwòch Lamèk — aprè lapli te tonbe nan lannwit lan, Epi lè li fin bay 'Salam' (salitasyon) epi li fini ak lapriyè li, li vire vizaj bay moun yo, epi li mande yo: «Èske nou konnen kisa senyè,Mèt nou an 'Azza wa Jall' (ki Gen Tout Pouvwa e ki Trèwo) te di?» Yo reponn li: Allah ak Mesaje li a konnen pi byen, Epi li di: Anverite, Allah, Trèwo a, esplike byen klè ke moun yo divize an 2 gwoup lè lapli tonbe: yon gwoup ki kwayan nan Allah, Trèwo a, epi yon gwoup ki pa kwayan nan Allah, Trèwo a; Kanta pou moun ki di: 'Nou resevwa lapli gras a favè Allah ak mizèrikòd Li,' epi li atribiye desant lapli a bay Allah Toupwisan an; moun sa a kwè nan Allah ki Kreyatè a, Sila a ki dirije linivè a, epi li pa kwè nan zetwal yo (kòm sous lapli a) Kanta pou nenpòt moun ki di: nou jwenn lapli gras ak tèl ak tèl zetwal; moun sa a se yon moun ki pa gen lafwa nan Allah, yon moun ki kwè nan zetwal la, epi li se yon mank lafwa ki pi piti paske li atribiye lapli tonbe a bay zetwal la; epi Allah pat fè li vin yon kòz daprè lalwa relijyon an ni daprè desten an, Kanta pou moun ki atribiye desant lapli a ak lòt evènman terès yo bay mouvman zetwal yo pandan yap leve oswa kouche, ak kwayans ke yo se vre kòz aksyon sa yo (aktè prensipal yo), moun sa a fè enkredilite ki pi gwo a (yon moun ki pa gen lafwa).
...:
Li rekòmande pou di aprè lapli tonbe: Nou resevwa lapli gras afavè Allah ak mizèrikòd Li.
Nenpòt moun ki atribiye byenfè fè lapli desann nan, ak lòt bagay ankò, bay zetwal yo, kòm si se yo menm ki kreyel epu ki fèl vin egziste, moun sa a pa yon kwayan nan pi gwo degre a. E si li atribiye sa kòm yon senp kòz, li pa yon kwayan nan pi piti degre a, paske li pa ni yon kòz daprè relijyon an, ni yon kòz nan reyalite fizik la.
An verite, benediksyon an tounen yon kòz pou enkredilite si yo refize rekonèt li, epi li tounen yon kòz pou lafwa si yo gen rekonesans pou li.
Entèdiksyon pou nou di: 'Lapli tonbe grasa etwal sila a,' menm si objektif la se te sèlman endike tan an (sezon an); sa fèt pou bloke tout mwayen ki ka mennen nan asosye lòt bagay ak Allah (shirk)."
Obligasyon pou kè a atache ak Allah Toupwisan an nan tout sa ki gen rapò ak jwenn benediksyon ak evite malè
Sahih Al-Bukhari (1/ 169) (846).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 83) (71).
Plis (2)
البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (2/ 484).
المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (1/ 260).
Cited in books
3 BooksPlis (3)
- التوحيد في ضوء عقيدة الإمام الشافعي رحمه الله ونصوصه ومروياته"صلى لنا رسول الله صلى الله عليه وسلم صلاة الصبح بالحديبية على إثر سماء كانت من الليل، فلما انصرف أقبل على الناس فقال: هل تدرون ماذا قال ربكم؟. قالوا: الله ورسوله أعلم، قال: قال: أصبح من عبادي مؤمن بي وكافر، فأما من قال: مطرنا بفضل الله ورح
- محرمات استهان بها كثير من الناسصلى لنا رسول الله صلى الله عليه وسلم صلاة الصبح بالحديبية على أثر سماء كانت من الليلة، فلما انصرف أقبل على الناس، فقال: هل تدرون ماذا قال ربكم؟ قالوا: الله ورسوله أعلم، قال: " أصبح من عبادي مؤمن بي وكافر، فأما من قال مطرنا بفضل الله ورحمته
- موسوعة الإيمان«أَصْبَحَ مِنْ عِبَادِي مُؤْمِنٌ بِي وَكَافِرٌ، فَأَمَّا مَنْ قَالَ: مُطِرْنَا بِفَضْلِ اللَّهِ وَرَحْمَتِهِ، فَذَلِكَ مُؤْمِنٌ بِي وَكَافِرٌ بِالكَوْكَبِ، وَأَمَّا مَنْ قَالَ: بِنَوْءِ كَذَا وَكَذَا، فَذَلِكَ كَافِرٌ بِي وَمُؤْمِنٌ بِالكَو