Skip to content

Chak swa, lè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) tapral nan kabann li, li te konn mete 2 pla men li yo ansanm, aprèsa li soufle ladan yo, epi li li ladan yo : « Di: Li se Allah, Yon sèl la » (Sourat Al-Ikhlas), « Di: Mwen chache pwoteksyon bò kote Seyè douvanjou a » (Sourat Al-Falaq), ak « Di: Mwen chache pwoteksyon bò kote Seyè moun yo » (Sourat An-Nas).

Bò kote Aicha (ke Allah satisfè de li):

Pwofèt la (ke Allah benil epi bal kè poze), chak swa lèl ta pral kouche, li te konn mete 2 pla men li yo ansanm, li te soufle ladan yo, epi li te resite ladan yo: {Di: Li menm Allah, Youn nan}, {Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Seyè ki kreye douvanjou a}, ak {Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Seyè ki soumèt lèzòm yo}. Aprèsa, li te pase men li sou tout pati nan kòl li te kapab rive touche. Li te konn kòmanse sou tèt li, sou figi li, ak sou devan kò li. Li te konn fè sa 3 fwa.

أَنَّ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ كَانَ إِذَا أَوَى إِلَى فِرَاشِهِ كُلَّ لَيْلَةٍ جَمَعَ كَفَّيْهِ، ثُمَّ نَفَثَ فِيهِمَا فَقَرَأَ فِيهِمَا: {قُلْ هُوَ اللهُ أَحَدٌ}، وَ{قُلْ أَعُوذُ بِرَبِّ الْفَلَقِ}، وَ{قُلْ أَعُوذُ بِرَبِّ النَّاسِ}، ثُمَّ يَمْسَحُ بِهِمَا مَا اسْتَطَاعَ مِنْ جَسَدِهِ، يَبْدَأُ بِهِمَا عَلَى رَأْسِهِ وَوَجْهِهِ وَمَا أَقْبَلَ مِنْ جَسَدِهِ، يَفْعَلُ ذَلِكَ ثَلَاثَ مَرَّاتٍ.

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pami abitid Pwofèt la (ke Allah benil epi ba li kè poze) lèl ta pral kouche pou li dòmi, li te konn mete 2 pla men li ansanm "tankou yon moun kap lapriyè" epi li te soufle ladan yo yon souf ki lejè ak yon ti kras lawouze (saliv). Li te konn resite twa sourat sa yo: {Di: Li menm Allah, Youn nan}, {Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Seyè ki kreye douvanjou a}, ak {Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Seyè ki soumèt lèzòm yo}. Aprèsa, li te konn pase men li sou tout pati kò li li te kapab rive touche, li te kòmanse pa tèt li, figi li, epi li desann sou devan kò li. Li te konn repete aksyon sa a 3 fwa.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Li rekòmande pou yon moun resite Sourat al-Ikhlas ak 2 dènye sourat yo (Al-Mu'awwidhatayn) anvan li dòmi, poul soufle nan men li (avèk yo), epi poul pase men li sou tout pati nan kò l li kapab rive touche.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (6/ 190) (5017).

(7/ 133) (5748).

Plis (5)

الكاشف عن حقائق السُّنن (5/1651).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري (20/ 35).

التوضيح لشرح الجامع الصحيح ( 24/ 91).

النهاية في غريب الحديث والأثر (ص 929).

شرح سنن أبي داود لابن رسلان (19/268).