Moun ki mande Allah avèk senserite pou li mouri kòm mati, Allah ap fè li atenn nivo mati yo, menmsi li mouri sou kabann li.
Bò kote Sahl bin Hanif (ke Allah satisfè avèk li), ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Nenpòt moun ki mande Allah avèk senserite pou li mouri kòm mati; Allah ap fè li rive nan pozisyon mati yo, menm si li mouri sou kabann li.
«مَنْ سَأَلَ اللهَ الشَّهَادَةَ بِصِدْقٍ بَلَّغَهُ اللهُ مَنَازِلَ الشُّهَدَاءِ، وَإِنْ مَاتَ عَلَى فِرَاشِهِ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen nenpòt moun ki mande poul vin mati epi pou li mouri pou kòz Allah a, alòske li te sensè ak fidèl nan entansyon sa a pou Allah Toupwisan an, Senyè toupwisan an ap ba li menm ran (degre) ak mati yo poutèt bonjan entansyon li a, menm si li ta mouri sou kabann li san se pa nan konba.
Sensèrite nan entansyon ansanm ak fè sa ki nan kapasite yon moun, se yon mwayen pou atenn rekonpans ak merit li vize a, menmsi li pa rive akonpli zèv yo te mandel la dirèkteman.
Ankourajman pou fè efò (lit/konba) epi pou chèche vin mati pou kòz Allah Toupwisan an.
Se yon favè Allah, Trèwo a, fè kominote sa a, kote Li akòde li pi wo degre yo nan Paradi pou yon ti kantite bon zèv.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1517) (1909).
Plis (4)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 123).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 87).
Cited in books
3 BooksPlis (3)
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 1 «مَنْ سَألَ اللهَ تعالىٰ الشَّهَادَةَ بِصِدْقٍ بَلَّغَهُ اللهُ مَنَازِلَ الشُّهَدَاءِ، وإنْ مَاتَ عَلَىٰ فِرَاشِهِ».
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 6«مَنْ سَألَ اللهَ تَعَالىٰ الشَّهادةَ بصدْقٍ بلَّغهُ اللهُ مَنَازلَ الشُّهداءِ، وإنْ ماتَ علىٰ فِراشِهِ».
- مشروع منهاج زادكزادك 2 طالب نهائي«مَنْ سَأَلَ اللهَ الشَّهَادَةَ بِصِدْقٍ بَلَّغَهُ اللهُ مَنَازِلَ الشُّهَدَاءِ وَإِنْ مَاتَ عَلَى فِرَاشِهِ»