Skip to content

O Mesaje Allah a, nou wè konba/efò pou Allah (jiad) se pi bon aksyon an, èske nou pa ta dwe al goumen? Li te di: "Non, men pi bon jiad la se: yon pelerinaj (Hajj) ki aksepte epi ki fèt san peche."

Bò kote Aicha, Manman Kwayan yo (ke Allah satisfè avèk li), li te di:

"O Mesaje Allah, nou wè konba (Djihad) kòm pi bon aksyon an, èske nou pa ta dwe fè konba? Li di: «Non, men pi bon konba (Djihad) pou nou medam yo: se yon pelerinaj (Hadj) ki aksepte.»"

يَا رَسُولَ اللَّهِ، نَرَى الجِهَادَ أَفْضَلَ العَمَلِ، أَفَلاَ نُجَاهِدُ؟ قَالَ: «لَا، لَكُنَّ أَفْضَلُ الجِهَادِ: حَجٌّ مَبْرُورٌ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Konpayon yo (se pou Allah satisfè ak yo) te konn konsidere Jihad nan chemen Allah ak konbat lènmi yo pami pi bon zèv yo, Konsa, Aïcha, (ke Allah agreye li), te mande Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), èske yo te ka patisipe nan Jihad? Konsa, li te gide yo (lapè ak benediksyon Allah sou li) nan direksyon sa ki pi bon jiad la pou yo menm fanm yo, ki se yon pelerinaj (Hajj) ki aksepte, ki konfòm ak Liv la (Koran) ansanm ak Tradisyon an (Sunnah), epi ki libere anba tout peche ak ipokrizi (fè wè).

Pami benefis Hadith la

Jihad se youn nan pi bon zèv pou gason.

Pelerinaj la (Hadj) pou medam yo pi bon pase konba (Djihad), epi li se pami pi bon zèv pou yo.

Zèv yo gen diferan valè ak nivo selon moun kap akonpli yo a.

Yo rele pèlerenaj la (Hajj) yon konba (Djihad); paske li se yon konba pou nanm nan, epi ladan li moun nan bay nan lajan li ansanm ak enèji kò li, kidonk li se yon adorasyon ki fèt ak kò li ak lajan li, menm jan ak konba (Djihad) nan chemen Allah.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (2/ 133) (1520).

Plis (6)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (2/ 402).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمصطفى الخِن وغيره (2/ 902).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (5/ 321).