Skip to content

Pa joure moun ki mouri yo, paske yo deja ale jwenn sa yo te akonpli (kòm zèv).

Daprè Aicha (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Pa joure moun ki mouri yo, paske vrèmanvre yo deja rive jwenn sa yo te akonpli.»

«لَا تَسُبُّوا الْأَمْوَاتَ، فَإِنَّهُمْ قَدْ أَفْضَوْا إِلَى مَا قَدَّمُوا».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) montre nou jan li entèdi pou nou joure moun ki mouri yo oswa pou nou pale mal de yo. Sa se yon move konpòtman, paske yo deja ale pou yal jwenn rekonpans aksyon yo (swa bon aksyon oswa move aksyon yo te fè). Menm jan jouman sa yo pa rive jwenn moun ki mouri yo, se moun ki vivan yo sèlman li fè mal.

Siyifikasyon mo yo

أفضوا إلى ما قدموا : صاروا إلى ما قدموا من أعمالهم.

Pami benefis Hadith la

Hadith la se yon prèv ki montre li entèdi pou joure moun mouri yo.

Evite joure moun ki mouri yo montre respè pou enterè moun ki vivan yo, epi sa ede prezève lapè nan sosyete a kont chirepit ak rayisman.

Merit ki genyen nan entèdiksyon pou joure yo a, se paske yo gentan al jwenn sa yo te prepare yo, konsa joure yo pap itil anyen, epi sa ap fè fanmi yo ki vivan yo mal.

Li pa apwopriye pou yon moun di sa ki pa gen okenn enterè (oswa okenn avantaj) ladan li.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (2/ 104) (1393).

Plis (6)

فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (2/ 631).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (4/ 385).

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (3/ 277).