Skip to content

Lè final la pap rive toutotan solèy la pa leve bò kotel kouche a. Lèl leve, moun yo ap wèl epi yap tout kwè an menm tan.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

« Lè final la pap rive toutotan solèy la pa leve bò kotel kouche a. Lèl leve epi moun yo wè li, yo tout ap kwè an menm tan. Men, se lè sa a vèsè a ap aplike: "Nan jou sa a, lafwa yon moun pap itil li anyen, si li pat kwè depi anvan, oswa si li pat fè byen pandan li te gen lafwa a." [Al-An'am: 158]. Lè final la ap rive toudenkou: gen 2 gason kap louvri yon twal (rad) ant yo pou yo vann, men yo pap gen tan vann li ni pliyel; lap rive pandan yon nonm fèk sot tire lèt bèt li, men lap rive anvan li gen tan bwèl; lap rive pandan yon moun ap repare basen dlo li (pou bèt li bwè), men lap rive anvan li gen tan bay bèt yo bwè ladan li; epi lap rive pandan youn nan nou ap leve manjel pou li mete nan bouch li, men lap rive anvan li gen tan manje li. »

«لاَ تَقُومُ السَّاعَةُ حَتَّى تَطْلُعَ الشَّمْسُ مِنْ مَغْرِبِهَا، فَإِذَا طَلَعَتْ فَرَآهَا النَّاسُ آمَنُوا أَجْمَعُونَ، فَذَلِكَ حِينَ: {لاَ يَنْفَعُ نَفْسًا إِيمَانُهَا لَمْ تَكُنْ آمَنَتْ مِنْ قَبْلُ، أَوْ كَسَبَتْ فِي إِيمَانِهَا خَيْرًا} [الأنعام: 158] وَلَتَقُومَنَّ السَّاعَةُ وَقَدْ نَشَرَ الرَّجُلاَنِ ثَوْبَهُمَا بَيْنَهُمَا فَلاَ يَتَبَايَعَانِهِ، وَلاَ يَطْوِيَانِهِ، وَلَتَقُومَنَّ السَّاعَةُ وَقَدِ انْصَرَفَ الرَّجُلُ بِلَبَنِ لِقْحَتِهِ فَلاَ يَطْعَمُهُ، وَلَتَقُومَنَّ السَّاعَةُ وَهُوَ يَلِيطُ حَوْضَهُ فَلاَ يَسْقِي فِيهِ، وَلَتَقُومَنَّ السَّاعَةُ وَقَدْ رَفَعَ أَحَدُكُمْ أُكْلَتَهُ إِلَى فِيهِ فَلاَ يَطْعَمُهَا».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke pami pi gwo siy kap anonse lafen tan an (Jou Jijman an), se solèy la kap leve bò kote lwès olye bò kote lès, epi lè moun yo wè li, yo tout ap gen lafwa, Lè sa a, lafwa yon moun ki pa kwayan pap itil li anyen, epi ni bon aksyon ni repantans pap itil anyen. Aprèsa li (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè konnen ke Lè a ap rive sanzatann; jiskaske lap rive pandan moun yo nan sitiyasyon yo ak nan zafè lavi yo; Epi Lè a ap rive pandan vandè a ak achtè a fin etale rad yo a nan mitan yo, konsa yo pap achte li ni vann li, ni yo pap pliye li, Epi Lè a (Jou Jijman an) ap rive pandan yon nonm gentan pran lèt chamo fenmèl li ki konn bay lèt la, epi li pap gen tan bwè l, Lè final la ap rive pandan yon nonm ap repare basen dlo li (pou bèt li bwè) epi lap kouvri li ak labou, men lap rive anvan li gen tan bay bèt yo bwè ladan li. Epi Lè a ap rive pandan yon moun deja leve moso manje li pote nan bouch li pou li manje, men, li pap manjel.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Islam ak repantans akseptab toutotan solèy la pako leve bò kote li kouche a.

Nou dwe ankouraje moun yo pou yo prepare tèt yo pou lè final la (Jou Jijman an) gras avèk lafwa ak bon zèv, paske lè final la ap rive Sanzatann

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 106) (6506).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 137) (157).

Plis (1)

عمدة القاري شرح صحيح البخاري (23/ 92).