Nou te fè sèman bay Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) pou nou koute epi obeyi, nan moman difisil kou nan moman fasil, nan sa nou renmen ak nan sa nou pa renmen, epi menm si yo ta favorize lòt moun sou nou.
Bò kote Oubadah ibn As-Samit, ke Allah satisfè de li, li te di:
Nou te fè sèman bay Mesaje Allah la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) : pou nou koute epi obeyi nan moman difisil ak nan moman fasil, lè nou byen dispoze ak lè nou santi repiyans, epi menm si yo ta bay lòt moun priyorite sou nou ; pou nou pa diskite otorite ak moun ki chèf yo, epi pou nou di laverite kèlkeswa kote nou ye, san nou pa pè okenn repwòch nan men moun kap kritike poutèt Allah.
بَايَعْنَا رسولَ اللهِ صلى الله عليه وسلم على السَّمْعِ وَالطَّاعَةِ فِي الْعُسْرِ وَالْيُسْرِ، وَالْمَنْشَطِ وَالْمَكْرَهِ، وعلى أَثَرَةٍ علينا، وعلى أَلَّا نُنَازِعَ الْأَمْرَ أهلَه، وعلى أَنْ نَقُولَ بِالْحَقِّ أينما كُنَّا، لا نَخَافُ في الله لَوْمَةَ لَائِمٍ.
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te pran yon angajman ak kontra nan men Konpayon yo pou yo soumèt devan moun ki gen otorite yo ak dirijan yo, nan moman fasil ak nan moman difisil, nan moman richès ak nan moman pòvrete, epi kit lòd yo bay yo se bagay yo renmen oswa bagay yo pa renmen. Menm si dirijan yo ta kenbe richès piblik yo, gwo pozisyon yo, oswa lòt bagay pou pwòp tèt pa yo sèlman (nan detriman pèp la), yo gen obligasyon pou yo tande epi obeyi yo nan sa ki byen (ki konfòm ak relijyon an), epi pou yo pa leve kanpe (revòlte) kont yo; paske latwoublay ak dega ki soti nan goumen ak yo a pi gwo epi pi grav pase dega ki rive akòz enjistis yo fè a. Pami sa yo te pran angajman sou li tou, se pou yo di laverite kèlkeswa kote yo ye, avèk tout senserite pou Allah nan sa, san yo pa pè moun kap fè yo repwòch.
...:
Benefis (fwi) koute ak obeyi moun ki gen otorite yo, se rasanble pawòl mizilman yo (mete tèt yo ansanm), epi rejte divizyon.
Se yon obligasyon pou nou koute epi obeyi dirijan yo nan sa ki pa yon peche kont Allah, nan moman fasil ak nan moman difisil, nan sa ki fè nou plezi ak nan sa nou pa renmen, epi menm lè yo ta favorize tèt yo sou nou.
Obligasyon pou di laverite kèlkeswa kote nou ye, san nou pa gen lakrentif pou repwòch moun kap fè repwòch poutèt Allah.
Sahih Al-Bukhari (9/ 47) (7055-7056).
(9/ 77) (7199.
7200).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1470) (1709).
Plis (8)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 277).
رياض الصالحين.
للنووي (ص83) (186).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 419).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 202).