Pa gen okenn jou kote bon aksyon ki fèt ladan yo pi renmen bò kote Allah pase jou sa yo, sa vledi 10 jou yo.
Daprè Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
"Pa gen okenn jou kote bon aksyon yo pi renmen devan Allah pase jou sa yo" — sa vle di 10 premye jou [Dhul-Hijjah] yo. Yo di: "O Mesaje Allah, pa menm Jihad nan chemen Allah a?" Li di: "Pa menm Jihad nan chemen Allah a, eksepte yon moun ki ta soti ak pwòp tèt li ansanm ak byen li, epi li pat tounen ak anyen nan sa."
«ما مِنْ أيَّامٍ العمَلُ الصَّالِحُ فيها أحبُّ إلى اللهِ مِن هذه الأيام» يعني أيامَ العشر، قالوا: يا رسُولَ الله، ولا الجهادُ في سبيلِ الله؟ قال: «ولا الجهادُ في سبيلِ الله، إلا رجلٌ خَرَجَ بنفسِه ومالِه فلم يَرْجِعْ من ذلك بشيءٍ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) fè konnen ke bon aksyon nan 10 premye jou nan mwa Dhu al-Hijjah la pi bon pase nan tout lòt jou nan ane a. Epi konpayon yo (ke Allah satisfè ak yo) te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) konsènan Jihād andeyò 10 jou sa yo, èskel pi bon oswa bon zèv ki fèt nan jou sa yo? Paske sa te byen etabli pou yo ke Jihād se pami pi bon zèv yo. Epi li reponn (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): ke bon aksyon nan jou sa yo pi bon pase Jihād nan lòt jou yo, eksepte yon mesye ki soti pou li fè Jihād epi ki riske pwòp tèt li ak lajan li nan chemen Allah, kote li pèdi lajan li epi li rann nanm li (mouri) nan chemen Allah, "Konsa, se sèl moun sa a (oswa sitiyasyon sa a) ki depase bon aksyon ki fèt nan jou beni sa yo."
الجهاد: هو مقاتلة الكفار لإبلاغ دين الله تعالى للناس أو للدفاع عن الإسلام وأهله.
Valè bon aksyon yo genyen nan 10 premye jou Dhul-Hijjah yo: se devwa chak mizilman pou li pwofite jou sa yo epi poul miltipliye aksyon obeyisans yo ladan yo, tankou fè Zikr (sonje Allah - mèt gwo pouvwa ak majeste a), li Koran an, fè Takbyr (di Allahu Akbar), Tahlil (di La ilaha illa Allah), Tahmyd (di Alhadoulillah), fè Priyè (Salah), bay Lacharite (Sadaqah), fè Jèn (Siyam), ak tout lòt kalite bòn aksyon."
Sahih Al-Bukhari (2/ 20) (969).
Sounna Abou Dawoud (4/ 102) (2438).
Plis (12)
فتح الباري بشرح صحيح البخاري.
لابن حجر (2/ 459).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل آل المبارك (ص699).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (5/ 301).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمصطفى الخِن وغيره (1/ 884).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (15/ 234).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (2/ 382).