Si youn nan nou gen dout nan lapriyè li, epi li pa konnen konbyen li priye, èske se twa (3) oswa kat (4) raka se pou li mete dout la sou kote, epi bati (desizyon li) sou sa li sèten an, aprèsa se pou li fè 2 prostènasyon anvan li bay salitasyon an (Salam).
Daprè Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Si youn nan nou gen dout nan lapriyè li, epi li pa konnen konbyen Raka li te fè, si li priye 3 oswa 4 rakar se pou li voye dout la jete epi baze li sou sa li sèten an. Aprèsa, se pou li fè 2 pwostènasyon anvan li bay Salam (salitasyon final la). Si li te priye 5 rakat , 2 pwostènasyon sa yo ap rann lapriyè li a pè(egal ) Men, si li te fini konplete 4 rakat yo, yap sèvi kòm yon imilyasyon pou Satan.»
«إِذَا شَكَّ أَحَدُكُمْ فِي صَلَاتِهِ، فَلَمْ يَدْرِ كَمْ صَلَّى ثَلَاثًا أَمْ أَرْبَعًا، فَلْيَطْرَحِ الشَّكَّ، وَلْيَبْنِ عَلَى مَا اسْتَيْقَنَ، ثُمَّ يَسْجُدُ سَجْدَتَيْنِ قَبْلَ أَنْ يُسَلِّمَ، فَإِنْ كَانَ صَلَّى خَمْسًا شَفَعْنَ لَهُ صَلَاتَهُ، وَإِنْ كَانَ صَلَّى إِتْمَامًا لِأَرْبَعٍ كَانَتَا تَرْغِيمًا لِلشَّيْطَانِ».
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te eskplike ke si yon moun kap lapriyè gen dout nan lapriyè li a, epi li pa konnen konbyen sik (Raka) li fè, èske se 3 oswa 4? Li dwe wete kantite anplis li gen dout sou li a, epi li pa dwe pran li an konsiderasyon; paske 3 a se sa ki sèten an. Konsa, li fè yon katriyèm Raka, aprèsa li fè 2 prostènasyon anvan li bay 'Salam'. Si sa li te priye toutbon vre a te deja 4 rakat , lapriyè a vin tounen senk (5) poutèt li te ajoute yon lòt raka , konsa 2 pwostènasyon pou bliye a (Sujud as-Sahw) vin ranplase yon rakat, sa ki fè kantite a vin yon chif pè olye enpè. Men, si avèk rak'ah li te ajoute a li vin konplete 4 rakat nèt, li vin akonpli egzakteman sa li te dwe fè a, san li pa ajoute ni retire anyen. Epi 2 pwostènasyon Soudjoud as-Sahw yo se yon imilyasyon ak yon defèt pou Cheytàn (satan), yo repousel avèk wont, byen lwen objektif li; paske li te simen konfizyon nan priyè moun nan, epi li te chache gate li. Epi priyè pitit Adan an vin konplè lèl obeyi lòd Allah, Trèwo a, nan fè soudjoud, menm zak Iblis te dezobeyi a, lèl te refize obeyi Allah poul te fè soudjoud pou Adan an.
Si moun kap fè lapriyè a gen dout nan lapriyè li a, epi okenn nan 2 posiblite yo pa parèt pi sèten pou li, li dwe rejte dout la epi bazel sou sa li sèten an, ki se kantite ki pi piti a. Konsa, li konplete lapriyè li a, li fè soujoud pou oubli a anvan li bay salam nan, epi aprèsa li bay salam nan.
2 pwostènasyon sa yo se yon mwayen pou repare lapriyè a, ak yon fason pou chase Satan pandan li rabese epi li imilye, byen lwen objektif li.
Dout ki nan Hadith la se ezitasyon san pa gen yon bò ki pi fò, men si yo jwenn yon kwayans ki gen plis pwa, se sou li pou yo aji.
Ankourajman pou moun konbat move panse epi pou yo repouse yo lè yo obeyi lòd relijyon an.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 400) (571).
Plis (6)
توضيح الأحكام شرح بلوغ المرام.
للبسام (2/ 338).
منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (3/ 222).
مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.
لعلي القاري (2/ 799).
Cited in books
5 BooksPlis (5)
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«إِذَا شَكَّ أَحَدُكُمْ فِي صَلَاتِهِ، فَلَمْ يَدْرِ كَمْ صَلَّى ثَلَاثًا أَمْ أَرْبَعًا، فَلْيَطْرَحِ الشَّكَّ وَلْيَبْنِ عَلَى مَا اسْتَيْقَنَ، ثُمَّ يَسْجُدُ سَجْدَتَيْنِ قَبْلَ أَنْ يُسَلِّمَ، فَإِنْ كَانَ صَلَّى خَمْسًا شَفَعْنَ لَهُ ص
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«إِذَا شَكَّ أَحَدُكُمْ فِي صَلَاتِهِ، فَلَمْ يَدْرِ كَمْ صَلَّى ثَلَاثًا أَمْ أَرْبَعًا، فَلْيَطْرَحِ الشَّكَّ وَلْيَبْنِ عَلَى مَا اسْتَيْقَنَ، ثُمَّ يَسْجُدُ سَجْدَتَيْنِ قَبْلَ أَنْ يُسَلِّمَ، فَإِنْ كَانَ صَلَّى خَمْسًا شَفَعْنَ لَهُ ص
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«إِذَا شَكَّ أَحَدُكُمْ فِي صَلَاتِهِ، فَلَمْ يَدْرِ كَمْ صَلَّى ثَلَاثًا أَمْ أَرْبَعًا، فَلْيَطْرَحِ الشَّكَّ وَلْيَبْنِ عَلَى مَا اسْتَيْقَنَ، ثُمَّ يَسْجُدُ سَجْدَتَيْنِ قَبْلَ أَنْ يُسَلِّمَ، فَإِنْ كَانَ صَلَّى خَمْسًا شَفَعْنَ لَهُ ص
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«إِذَا شَكَّ أَحَدُكُمْ فِي صَلَاتِهِ، فَلَمْ يَدْرِ كَمْ صَلَّى ثَلَاثًا أَمْ أَرْبَعًا، فَلْيَطْرَحِ الشَّكَّ وَلْيَبْنِ عَلَى مَا اسْتَيْقَنَ، ثُمَّ يَسْجُدُ سَجْدَتَيْنِ قَبْلَ أَنْ يُسَلِّمَ، فَإِنْ كَانَ صَلَّى خَمْسًا شَفَعْنَ لَهُ ص
- مجموعة زاد الفقه (2)الفقه للمستوى الثاني ( مجموعة زاد )«إذا شك أحدكم في صلاته فلم يدرِ كم صلى ثلاثًا أم أربعًا، فليطْرَحِ الشك، وليبن على ما استيقن، ثم يسجد سجدتين قبل أن يُسَلِّم».