Youn nan pi gwo fòm konba (Djihad) se di yon pawòl verite ak jistis devan yon lidè ki enjis (yon tiran).
Daprè Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Sètènman, pami pi gwo djihad yo se yon pawòl jistis devan yon dirijan ki enjis. »
«إِنَّ مِنْ أَعْظَمِ الجِهَادِ كَلِمَةَ عَدْلٍ عِنْدَ سُلْطَانٍ جَائِرٍ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre aklè ke youn nan kalite djihad ki pi gran epi ki pi itil nan chemen Allah Trè O a, se yon pawòl jistis ak verite ki pwononse devan yon chèf oswa yon dirijan ki tiran epi ki enjis; paske sa se yon aksyon ki mete an pratik gwo kòmandman pou òdone sa ki byen epi entèdi sa ki mal la, kit sa fèt atravè pawòl, ekriti, aksyon, oswa kèlkeswa lòt mwayen ki pèmèt reyalize sa ki itil epi anpeche sa ki nwizib.
Pase lòd pou moun fè sa ki byen, epi entèdi sa ki mal fè pati djihad.
Bay dirijan an konsèy se youn nan pi gwo djihad yo, men sa dwe fèt avèk konesans, sajès, ak pridans.
Al-Khattabi te di: "Rezon ki fè sa vini tounen pi bon Djihad la, se paske moun kap konbat lènmi an toujou ap balanse ant espwa ak laperèz; li pa konnen si lap pote laviktwa oswa si lap sibi defèt. Tandiske, moun ki kanpe devan yon dirijan an twouvel nèt anba pouvwal. Kidonk, si li dil verite a epi li kòmande li fè sa ki byen, li ekspoze lavi li anba gwo danje, epi li fè tèt li tounen yon sib pou destriksyon. Se sak fèl vin tounen pi bon pami tout kalite Djihad yo, akòz gwo laperèz li te oblije simonte a. Yo di tou: Li se pi bon Djihad la paske, si dirijan an ta koute pawòl li a, byenfè a kapab gaye sou yon gwo kantite moun, epi konsa enterè jeneral la ap reyalize."
Sounna At-Tirmidhi (4/ 45) (2174).
Sounna Abou Dawoud (6/ 400) (4344).
Sounna Ibn Majah (5/ 144) (4011).
Mousnad Ahmad (17/ 227) (11143).
Plis (6)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 283).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 453).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 216).