Yon mesye te mande Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) konsènan Lè a (Jou Jijman an), li te di: "Kilè Lè a ap vini?" Pwofèt la te reponn li: "E kisa ou te prepare pou li?"
Daprè Anas, (ke Allah satisfè avèk li):
Yon mesye te poze Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) kesyon sou Lè a (Jou Jijman an), li te di: "Kilè Lè a ap ye?" Pwofèt la di: "E kisa ou te prepare pou li?" Mesye a reponn: "Anyen, eksepte ke mwen renmen Allah ak Mesajel la (lapè ak benediksyon Allah sou li)." Lè sa a, Pwofèt la di: "Ou pral ansanm ak moun ou renmen an." Anas (sekrètè Pwofèt la) te di: "Nou pa janm te kontan pou anyen jan nou te kontan pou pawòl Pwofèt la lèl te di: 'Ou pral ansanm ak moun ou renmen an.'" Anas te ajoute: "Mwen menm, mwen renmen Pwofèt la, Abou Bakr, ak Oumar, epi mwen espere map ansanm avèk yo gras avèk lanmou mwen genyen pou yo a, menmsi zèv mwen pa rive nan nivo zèv pa yo."
أَنَّ رَجُلًا سَأَلَ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ عَنِ السَّاعَةِ، فَقَالَ: مَتَى السَّاعَةُ؟ قَالَ: «وَمَاذَا أَعْدَدْتَ لَهَا». قَالَ: لاَ شَيْءَ، إِلَّا أَنِّي أُحِبُّ اللَّهَ وَرَسُولَهُ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَقَالَ: «أَنْتَ مَعَ مَنْ أَحْبَبْتَ». قَالَ أَنَسٌ: فَمَا فَرِحْنَا بِشَيْءٍ، فَرِحْنَا بِقَوْلِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «أَنْتَ مَعَ مَنْ أَحْبَبْتَ» قَالَ أَنَسٌ: فَأَنَا أُحِبُّ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ وَأَبَا بَكْرٍ، وَعُمَرَ، وَأَرْجُو أَنْ أَكُونَ مَعَهُمْ بِحُبِّي إِيَّاهُمْ، وَإِنْ لَمْ أَعْمَلْ بِمِثْلِ أَعْمَالِهِمْ.
Yon mesye bedwen pami moun ki abite nan dezè a te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): sou moman kote Lè a ap rive ? Epi li dil, lapè ak benediksyon Allah sou li: "E kisa ou prepare pou li kòm bon zèv?" Moun ki tap poze kesyon an te di: Mwen pat prepare gwo zèv pou li, eksepte ke mwen renmen Allah ak Mesaje Li a, epi li pat mansyone lòt bagay pami adorasyon ki fèt avèk kè, avèk kò, oswa avèk lajan; paske yo tout se branch ki makònen ak lanmou epi ki depann de li, epi paske lanmou ki sensè se yon fòs ki motive moun fè efò pou yo akonpli bon zèv. Konsa, li dil, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Vrèmanvre, ou ap ansanm ak moun ou renmen an nan Paradi a. Konsa, konpayon Pwofèt la (sallallahu alayhi wa sallam) te rejwi anpil poutèt bòn nouvèl sa a. Aprèsa, Anas (ke Allah satisfè avèk li) te fè konnen ke li renmen Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), ak Abu Bakr, ak Umar, epi li espere pou li avèk yo, menm si zèv li pa menm jan ak zèv yo.
Sajès Mesaje Allah a (Se pou lapè AK Benediksyon Allah kouvri li) nan fason li reponn moun ki tap poze li kesyon an, kote li montrel sa ki enpòtan pou li epi kap sovel la, ki se: prepare pou lavi aprè lanmò a ak sa ki itil ansanm ak bon zèv.
« Allah kache lè Jou Jijman an ap rive pou lèzòm, yon fason pou chak moun ka toujou rete pare epi prepare yo pou rankontre Allah»
Merit renmen Allah ak Mesaje Li a, ak moun ki dwat pami moun ki gen lafwa yo, epi avètisman kont renmen moun ki bay Allah asosye yo.
Pawòl li a (kè poze ak benediksyon Allah sou li): «Ou ap ansanm avèk moun ou renmen an.» Sa pa vle di egalite nan degre ak nan pozisyon, men pito sa vle di prezans yo nan Paradi a ap yon fason ki pèmèt chak moun nan yo kapab wè lòt la, menmsi kote yo ye a ta lwen.
Gide mizilman an pou li konsantre sou sa ki pi bon ak pi itil pou li, epi poul evite poze kesyon sou bagay ki pap pote okenn benefis pou li.
Sahih Al-Bukhari (5/ 12) (3688).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2032) (2639).
Plis (8)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 435).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (6/ 177).
المعجم الأوسط.
للطبراني (1/ 131).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 342).
Cited in books
5 BooksPlis (5)
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالحعن أنس رضي الله عنه أن رجلا سأل النبي صلى الله عليه وسلم عن الساعة، فقال: متى الساعة؟ قال: “وماذا أعددت لها”. قال: لا شيء، إلا أني أحب الله ورسوله صلى الله عليه وسلم، فقال: “أنت مع من أحببت”.
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالحقال أنس: “فأنا أحب النبي صلى الله عليه وسلم وأبا بكر وعمر وأرجو أن أكون معهم بحبي إياهم، وإن لم أعمل بمثل أعمالهم”.
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 2«أَنْتَ مَعَ مَنْ أَحْبَبْتَ».
- مجموعة زاد الحديث (1)الحديث 1عَنْ أَنَسٍ رضي الله عنه، أَنَّ رَجُلًا سَأَلَ النَّبِيَّ صلى الله عليه وسلم عَنِ السَّاعَةِ، فَقَالَ: مَتَى السَّاعَةُ؟ قَالَ: «وَمَاذَا أَعْدَدْتَ لَهَا». قَالَ: لاَ شَيْءَ، إِلَّا أَنِّي أُحِبُّ الله وَرَسُولَهُ صلى الله عليه وسلم، فَقَا
- مجموعة زاد الحديث (1)الحديث 1«أَنتَ مَعَ مَنْ أَحْبَبْتَ»