Skip to content

Bay pitit nou yo lòd pou yo fè lapriyè depi yo gen 7 ane, epi pou nou pi sevè ak yo sou sa lè yo gen 10 zan, epi separe kote yo ap dòmi an.

Daprè Omar ibn Shu'ayb, daprè papal , daprè granpapal, li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Bay pitit nou yo lòd pou yo fè lapriyè depi yo gen 7 ane, epi pou nou pi sevè ak yo sou sa lè yo gen 10 zan, epi separe kote yap dòmi an.»

«مُرُوا أولادكمِ بالصلاةِ وهم أبناءُ سبعِ سِنينَ، واضرِبوهم عليها وهم أبناءُ عَشرٍ، وفرِّقوا بينهم في المَضاجِعِ».

Rapòte pa Abou Dawoud
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke yon papa dwe bay pitit li yo lòd - gason ak fi - pou yo fè lapriyè depi yo gen 7 Ane, epi poul anseye yo sa yo bezwen pou yo ka akonpli lapriyè a. Epi lè yo rive gen 10 zan, lòd la vin pi fò, konsa pou nou pi sevè ak yo lè yo fè neglijans ladan li, epi pou nou separe kote yap dòmi an.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Aprann timoun piti yo prensip relijyon yo anvan yo rive nan laj pibète, epi pami sa ki pi enpòtan ladan yo se fè lapriyè.

Pinisyon fizik la (frape a) fèt pou edike/korije, li pa fèt pou maltrete (toumante); konsa, yo dwe frape yon fason ki adapte ak sitiyasyon li (kondisyon l).

« Atansyon ak enpòtans lwa islamik la (Lalwa Allah a) bay pou pwoteje diyite ak onè moun, ansanm ak fason li fèmen tout baryè ak tout chemen ki ta ka mennen nan koripsyon ak move zak. »

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (1/ 367) (495.

496).

Plis (4)

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

مجموعة من الباحثين (1/ 299).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 382).