Nenpòt moun ki rakonte yon pawòl sou non mwen alòske li wè (li sispèk oswa li konnen) se manti, li fè pati moun ki bay manti yo tou.
Daprè Samura bin Jundab ak Al-Mughira bin Shu'ba (se pou Allah satisfè ak yo tou 2), yo te di: Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvril)
«Moun ki rakonte yon pawòl sou mwen ke li wè se yon manti, li se youn nan moun ki bay manti yo».
«مَنْ حَدَّثَ عَنِّي بِحَدِيثٍ يُرَى أَنَّهُ كَذِبٌ، فَهُوَ أَحَدُ الْكَاذِبِينَ».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke nenpòt moun ki rapòte yon Hadith sou li pandan li konnen, oswa li panse, oswa li prèske sèten ke se yon manti sou do li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li); alòs sila ki rapòtel la patisipe nan manti sa a ansanm avèk moun ki te kòmansel la.
Verifye Hadith ki rapòte sou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li ), epi asirew yo kòrèk anvan ou rapòte yo.
Karakteristik bay manti a aplike pou tout moun ki envante manti, epi tou pou moun ki transmèt li epi gaye li pami moun yo.
Li entèdi (haram) pou yon moun rakonte yon fo hadit (yon hadit envante) si li konnen se yon fo hadit, oswa si li prèske sèten se yon fo hadit, sof si se pou avèti moun sou li.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 8).