Skip to content

« Èske nou konnen sa k rele medizans? » Yo reponn: « Allah ak Mesaje li a konnen pi byen. » Li di: « Se lè ou pale mal sou frèw la dèyè dol, yon fason ki tap fèl fache. »

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

« Èske nou konnen sak rele medizans? » Yo reponn: « Allah ak Mesaje li a konnen pi byen. » Li di: « Se lè ou pale mal sou frèw la dèyè dol, yon fason ki tap fè li fache. » Yo mandel: « E si sam ap di sou frèm nan se verite? » Li reponn: « Si sa wap di a se verite, ou fè medizans sou li; e si sa wap di a pa verite, ou kalomnyel. »

«أَتَدْرُونَ مَا الْغِيبَةُ؟»، قَالُوا: اللهُ وَرَسُولُهُ أَعْلَمُ، قَالَ: «ذِكْرُكَ أَخَاكَ بِمَا يَكْرَهُ»، قِيلَ: أَفَرَأَيْتَ إِنْ كَانَ فِي أَخِي مَا أَقُولُ؟ قَالَ: «إِنْ كَانَ فِيهِ مَا تَقُولُ فَقَدِ اغْتَبْتَهُ، وَإِنْ لَمْ يَكُنْ فِيهِ فَقَدْ بَهَتَّهُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) montre nou verite medizans ki entèdi a, se: pale mal sou yon mizilman ki absan, yon fason ki tap fèl fache, kit se konsènan karakteristik fizik li oswa karaktè li, tankou: di li gen 1 zye, li se yon magouyè, oswa li se yon mantè, ak lòt kalite mal sa yo, menm si kalite sa yo ta vre lakay li. Men, si kalite a pa nan li, alò sa pi grav pase Al-Ghibah (pale moun mal), epi li se Al-Buhtan, sa vle di: envante manti sou yon moun sou sa li pa ye ou li pa fè vre.

Pami benefis Hadith la

Bèl fason Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn anseye, kote li prezante sijè yo sou fòm kesyon.

Bon jan konpòtman konpayon yo ak Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), lè yo te di: Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen.

Pawòl moun yo poze kesyon sou sa li pa konnen an: Allah konnen pi byen.

Lalwa (Chari'a) a pwoteje sosyete a lè li pwoteje dwa yo ak fratènite nan mitan yo.

Al-Ghibah (pale moun mal) se yon bagay ki entèdi, sòf nan kèk sitiyasyon kote gen yon enterè pou sa; pami yo: repouse lenjistis, kote moun ki viktim lenjistis la pale sou moun ki fè li lenjistis la devan yon moun ki kapab fè li jwenn dwal, pou li ka di: entèl fèm lenjistis, oswa li fèm tèl bagay. Pami yo genyen tou: chèche konsèy nan zafè maryaj, oswa nan patenarya, oswa pou zafè vwazinaj, ak lòt bagay konsa.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2001) (2589).

Plis (6)

فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (6/ 378).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 237).

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (7/ 428).