Skip to content

Nenpòt moun ki pran youn nan zanmim yo (Awliya) kòm lènmi, map deklare lagè kont li. E pa gen anyen sèvitèm nan ka fè poul pwoche bò kotem ki pi renmenm pase devwa (obligasyon) mwen te enpoze sou li yo.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li te di:

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di ke Allah (Toupwisan an) te di: "Nenpòt moun ki pran youn nan zanmim yo (Awliya) kòm lènmi, map deklare lagè kont li. E pa gen anyen sèvitèm nan ka fè poul pwoche bò kotem ki pi renmen mwen pase devwa (obligasyon) mwen te enpoze sou li yo. E sèvitèm nan ap toujou kontinye pwoche bò kotem avèk aksyon volontè (nawafil) jiskaskem renmen li. Lèm fin renmen li, mwen tounen zòrèy li ki sèvil pou li tande, zyel ki sèvil pou li wè, men li ki sèvi li pou li aji, ak pye li ki sèvi li pou li mache. Si li mande mwen yon bagay, map ba lil; e si li mandem pwoteksyon, map pwotejel. Pa gen anyen mwen ezite fè tankou janm ezite pran nanm yon kwayan: li rayi lanmò, e mwen menm mwen rayi fèl mal."

قَالَ رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «إِنَّ اللَّهَ قَالَ: مَنْ عَادَى لِي وَلِيًّا فَقَدْ آذَنْتُهُ بِالحَرْبِ، وَمَا تَقَرَّبَ إِلَيَّ عَبْدِي بِشَيْءٍ أَحَبَّ إِلَيَّ مِمَّا افْتَرَضْتُ عَلَيْهِ، وَمَا يَزَالُ عَبْدِي يَتَقَرَّبُ إِلَيَّ بِالنَّوَافِلِ حَتَّى أُحِبَّهُ، فَإِذَا أَحْبَبْتُهُ: كُنْتُ سَمْعَهُ الَّذِي يَسْمَعُ بِهِ، وَبَصَرَهُ الَّذِي يُبْصِرُ بِهِ، وَيَدَهُ الَّتِي يَبْطِشُ بِهَا، وَرِجْلَهُ الَّتِي يَمْشِي بِهَا، وَإِنْ سَأَلَنِي لَأُعْطِيَنَّهُ، وَلَئِنِ اسْتَعَاذَنِي لَأُعِيذَنَّهُ، وَمَا تَرَدَّدْتُ عَنْ شَيْءٍ أَنَا فَاعِلُهُ تَرَدُّدِي عَنْ نَفْسِ المُؤْمِنِ، يَكْرَهُ المَوْتَ وَأَنَا أَكْرَهُ مَسَاءَتَهُ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen nan hadith Qudsi a ke Allah (Toupwisan an) te di: Nenpòt moun ki maltrete youn nan zanmim yo (Awliya), ki fèl fache, oswa ki rayi li, mwen fè moun sa a konnen epi mwen deklarel lagè (mwen vin lènmi l). Wali a se: yon kwayan ki gen krentif pou Allah, epi selon kantite lafwa ak krentif pou Allah sèvitè a genyen, se konsa pati li nan amitye ak Allah a ap ye. Epi yon mizilman pa pwoche pi prè Mèt li ak okenn bagay Li pi renmen pase sa Li rann obligatwa sou li yo, nan obeyi li epi evite tou sa li entèdi. Epi mizilman an pap sispann pwoche pi prè Mèt li avèk sa ki volontè (nawafil) ansanm ak sa ki obligatwa yo; jiskaske li jwenn lanmou Allah. Lè Allah renmen yon sèvitè, Li (senyè toupwisan an) vin tounen gid ak soutyen pou li nan 4 manm (pati) sa yo: Li gidel nan sa lap tande, konsa li pa tande anyen lòt pase sa ki fè Allah plezi. Epi li gide zye li, konsa li pa gade anyen sof sa Allah renmen pou li gade epi li satisfè ak li a. Epi Li gide men li, konsa li pa fè okenn aksyon ak men li, esepte sa ki satisfè Allah. Epil gide pye li, konsa, li pa mache okenn kote esepte nan sa ki fè Allah satisfè, epi li pa fè okenn demach esepte nan sa ki gen byen ladan li. Epi avèk sa, si li mande Allah yon bagay, Allah ap ba li sa li mande a, konsa lap tounen yon moun Allah reponn lapriyè li. Epi si li chèche refij nan men Allah, epi li kouri jwenn li pou mande pwoteksyon, Allah, senyè toupwisan an, ap ba li refij epi pwoteje li anba sa li pè a. Aprèsa, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di: Mwen pa ezite sou okenn bagay mwen gen poum fè, tankou jan mwen ezite poum pran nanm moun ki gen lafwa a, kòm yon mizèrikòd pou li; paske li rayi lanmò akòz doulè ki ladan li, epi Allah rayi sa kap fè moun ki gen lafwa a mal.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Hadith sa a se youn nan sa Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) rapòte soti nan men Senyè li a, epi yo relel "Hadith Qudsi" oswa "Hadith Divin". Se yon pawòl kote ni tèks la (mo yo) ni sans lan soti nan Allah ,sepandan, li pa gen menm karakteristik ak Koran an (ki gen pwòp distenksyon pal), tankou obligasyon pou resitel kòm yon zak adorasyon, nesesite pou moun nan nan yon eta pite (ablisyon) poul manyen li, defi (mirak lengwistik) li reprezante a, ak lòt bagay ankò.

Entèdiksyon pou fè alye Allah yo mal, ak ankourajman pou renmen yo, epi rekonèt merit yo.

Lòd pou konsidere lènmi Allah yo kòm lènmi, epi li entèdi (haram) pou pran yo kòm alye.

Nenpòt moun ki fè reklamasyon li se yon "zanmi Allah " (Wali) san li pa swiv lwa Allah a (charia a), moun sa a ap bay manti nan reklamasyon li.

Yo jwenn amitye Allah nan fè obligasyon yo, epi nan kite sa ki entèdi yo.

Pami rezon ki fè Allah renmen sèvitè a epi li reponn lapriyè li a, se lè li fè adorasyon siplemantè yo aprè li fin akonpli obligasyon yo, epi li kite bagay ki entèdi yo.

Montre onè zanmi Allah yo ak plas espesyal yo genyen an.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 105) (6502).

Plis (14)

الإفصاح عن معاني الصحاح.

ليحيى بن هبيرة (7/ 302).

جامع العلوم والحكم في شرح خمسين حديثا من جوامع الكلم.

لابن رجب (2/ 330).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري.

لمحمود بدر الدين العينى (23/ 88).

مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.

لعلي بن سلطان القاري (4/ 1544).

تاج العروس من جواهر القاموس.

للزبيدي (17/ 81).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 59).

مجموع فتاوى ومقالات متنوعة.

لابن باز(8/ 277).