Skip to content

Vrè moun ki kenbe lyen fanmi an se pa moun ki annik rann parey la (ou fè pou mwen, map fè pou ou). Men, vrè moun ki kenbe lyen an, se moun ki, menm lè fanmi li koupe relasyon avè l, li menm li kontinye kenbe l (konekte l).

Epi, bò kote Abdullah ibn Amr (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), soti nan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

Vrè moun ki kenbe lyen fanmi an se pa moun ki annik rann parey la (ou fè pou mwen, m fè pou ou). Men, vrè moun ki kenbe lyen an, se moun ki, menm lè fanmi li koupe relasyon avè l, li menm li kontinye kenbe l (konekte l).

«لَيْسَ الْوَاصِلُ بِالْمُكَافِئِ، وَلَكِنِ الْوَاصِلُ الَّذِي إِذَا قُطِعَتْ رَحِمُهُ وَصَلَهَا».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), fè konnen ke moun ki gen pèfeksyon (ki rive nan pi gwo nivo a) nan kenbe lyen fanmi ak nan fè byen pou pwòch li yo, se pa moun ki annik reponn byen pou byen (sa vle di, moun ki rann parèy la). Okontrè, moun ki reyèlman pafè nan kenbe bon relasyon ak fanmil lan, se moun ki, lè fanmi l koupe relasyon avèk li, li menm li kenbe kontak avèk yo, epi menm si yo aji mal avè l; li aji byen avèk yo an retou.

Siyifikasyon mo yo

المكافئ: الذي يكافئهم على صلتهم له، إن وصلوه وصلهم وإن قطعوه قطعهم.

وصلها: برها وأحسن إليها.

Pami benefis Hadith la

Kenbe bon relasyon ak fanmi ki konsidere kòm valab daprè lalwa Islamik la, se lè ou kenbe bon relasyon avèk moun nan pami yo ki koupe fache avèk ou, ou padone moun ki fè ou lenjistis, epi ou bay moun ki refize ba ou; li pa yon senp relasyon ki chita sèlman sou rann parey oswa rekonpanse yo pou sa yo fè pou ou.

Kenbe lyen fanmi an fèt lèw fè yo jwenn tout byen ou kapab: tankou ede yo ak lajan, fè priyè (douya) pou yo, ankouraje yo fè sa ki byen epi dekonseye yo fè sa ki mal, ak lòt bagay ankò; epi tou, lè w repouse otan move bagay (mal) ou kapab lwen yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 6) (5991).

Plis (8)

منار القاري شرح مختصر صحيح البخاري.

لحمزة محمد قاسم (5/ 242).

بهجة الناظرين.

لسليم الهلالي (1/ 397).

نزهة المتقين.

لمصطفى الخن وغيره (1/ 311).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (3/ 190).