Skip to content

Ō nou menm moun yo, simaye lapè, bay moun manje, kenbe bon lyen ak fanmi nou, epi lapriyè nan mitan lannwit pandan tout moun ap dòmi, konsa nap antre nan Paradi an pè.

Abdoullah bin Salam (se pou Allah kontan avèk li) te di : Lè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te rive nan vil Medin, tout moun te kouri al jwenn li, epi yo tap di : "Mesaje Allah a rive! Mesaje Allah a rive! Mesaje Allah a rive!" ( 3 fwa). Mwen te vin nan mitan foul la poum gade. Lèm te fin byen gade figi li, mwen te konnen toutbon figi sa a pat figi yon moun kap bay manti. Premye pawòl mwen te tande li di se te :

Ō nou menm moun yo, simaye lapè, bay moun manje, kenbe bon lyen ak fanmi nou, epi lapriyè nan mitan lannwit pandan tout moun ap dòmi, konsa nap antre nan Paradi an pè.

«يَا أَيُّهَا النَّاسُ، أَفْشُوا السَّلَامَ، وَأَطْعِمُوا الطَّعَامَ، وَصِلُوا الْأَرْحَامَ، وَصَلُّوا بِاللَّيْلِ وَالنَّاسُ نِيَامٌ، تَدْخُلُوا الْجَنَّةَ بِسَلَامٍ».

Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
Sahih
Esplikasyon an

Lè Pwofèt la (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te vini lavil Medina, epi moun yo te wèl, yo te dirije bò kotel trè vit. Pami moun ki te dirije bò kotel yo te genyen Abdullah bin Salam (Ke Allah satisfè ak li), ki te pami jwif yo. Kidonk, lèl te wèl, li te rekonèt ke figi li pat figi yon mantè; akòz limyè, bote, ak diyite sensè ki te parèt sou li a, Premye bagay li te tande nan men Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) se lefètke li tap ankouraje moun yo pou yo fè zèv kap tounen yon kòz pou yo antre nan Paradi, epi pami yo genyen: Premyèman : Simaye salitasyon lapè a (Salam), montre li aklè, epi fè li souvan, kit se pou moun ou konnen, kit se pou moun ou pa konnen. Dezyèmman : Bay moun manje pa mwayen charite, kado, ak ospitalite (resevwa moun lakay ou). Twazyèmman : Kenbe bon relasyon ak fanmiw , sa vle di moun ki gen menm san avèw oswa ki fanmiw bò kote papaw oubyen bò kote manman ou. Katriyèmman : Fè priyè siperogatwa lannwit lan (Kiyamou Layl) pandan tout moun ap dòmi.

Pami benefis Hadith la

Li rekòmande anpil pou simaye salitasyon lapè a (Salam) nan mitan mizilman yo. Men, pou yon moun ki pa mizilman, yo pa dwe kòmanse salyel ak Salam an premye; si li menm li kòmanse salye lèl di: « As-Salamou Alaykoum », yap reponn li lè yo di: « Wa Alaykoum » (ak ou menm tou).

Referans yo.

Sounna Ibn Majah (4/ 397) (3251).

Sounna At-Tirmidhi (4/ 264) (2485).

Mousnad Ahmad (39/ 201) (23784).

Plis (8)

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

لعبد الله البسام (2/ 454).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (3/ 299).

فتح ذي الجلال والإكرام.

لابن عثيمين (6/ 440).

سبل السلام بشرح بلوغ المرام.

لمحمد الصنعاني (2/ 693).