Gen 4 defo si yon moun genyen yo nèt, li se yon vrè ipokrit. Epi si li gen yon sèl nan kalite sa yo nan li, sa vle di li gen yon tras (yon branch) nan ipokrizi nan li jiskaske li kite li: depi lap pale li bay manti, depil pwomèt li pa kenbe pawòl li, depil nan diskisyon (oswa an kòlè) li depase limit nan lenjistis (ak move pawòl), epi depi fè yon kontra (oswa yon sèman) li trayil.
Daprè Abdoullah ibn Amr (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Gen 4 defo si yon moun genyen yo nèt, li se yon vrè ipokrit. Epi si li gen yon sèl nan kalite sa yo nan li, sa vle di li gen yon tras (yon branch) nan ipokrizi nan li jiskaske li kite li: depi lap pale li bay manti, depil pwomèt li pa kenbe pawòl li, depil nan diskisyon (oswa an kòlè) li depase limit nan lenjistis (ak move pawòl), epi depi fè yon kontra (oswa yon sèman) li trayil.
«أَرْبَعٌ مَنْ كُنَّ فِيهِ كَانَ مُنَافِقًا، وَإِنْ كَانَتْ خَصْلَةٌ مِنْهُنَّ فِيهِ كَانَتْ فِيهِ خَصْلَةٌ مِنَ النِّفَاقِ حَتَّى يَدَعَهَا: مَنْ إِذَا حَدَّثَ كَذَبَ، وإِذَا وَعَدَ أَخْلَفَ، وإذَا خَاصَمَ فَجَرَ، وَإِذَا عَاهَدَ غَدَرَ».
Pwofèt la (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) te bay avètisman kon 4 defo ; si yo reyini nan yon mizilman, lap sanble anpil ak moun ki ipokrit yo akòz defo sa yo. Sa a konsène moun kalite sa yo domine sou lavil; kanta pou moun ki fè pa aksidan, li pa nan kategori sa a. Men 4 kalite yo: Premye a: lèl pale, li fè esprè li bay manti epi li pa di laverite nan pawòl li. Dezyèm lan: lè li pran yon angajman, li pa kenbe li, epi li trayi konpayon li. Twazyèm nan: lè li fè yon pwomès, li pa respekte li epi li pa kenbe li. Katriyèm lan: Lè li antre nan diskisyon ak kont ak yon moun, diskisyon li an vin trè di, li vire do bay verite a, li sèvi ak riz poul rejtel epi anile li, epi li di fo bagay ak manti. Paske an reyalite, ipokrizi se lè yon moun fè parèt yon bagay ki diferan de sak kache nan fon kèl. Sans sa a egziste lakay moun ki gen kalite sa yo; ipokrizil la parèt vizavi moun li pale avèl, moun li fè pwomès, moun ki mete konfyans nan li, moun li nan diskisyon avèl, ak moun li pase kontra avèk pami lèzòm. Sa pa vle di li se yon ipokrit nan relijyon Islam nan (sa vle di yon moun kap fè parèt li mizilman pandan lap kache enkwayans nan kèl). Epi, kèlkeswa moun ki gen yon sèl nan kalite sa yo lakay li, li gen yon karaktè nan ipokrizi nan li jiskaske li kitel.
Eksplike kèk nan siy ipokrit la pou avèti moun yo epi mete yo an gad pou yo pa tonbe ladan yo.
Rezon (onjektif)mesaj ki nan adis sa a se pou montre kalite sa yo se karaktè ipokrizi yo ye; moun ki genyen yo sanble ak ipokrit yo nan pwen sa yo, epi li aji ak menm konpòtman yo. Sa pa vle di li se yon ipokrit ki fè parèt li nan Islam pandan lap kache enkwayans (Koufr) nan fon kèl. Gen savan ki di tou: Sa a konsène moun kalite sa yo fin domine sou li, li neglije yo, epi li pa pran yo pou anyen; paske yon moun ki rive nan nivo sa a, pi souvan, lafwal ak kwayans li nan yon move eta (li pèvèti).
Al-Ghazali te di: 'Rasinn relijyon an chita sou 3 bagay: pawòl, aksyon (zèv), ak entansyon. Konsa, Pwofèt la te atire atansyon sou jan manti gate pawòl, jan trayizon (mank fidelite) gate aksyon, ak jan pa kenbe pwomès gate entansyon. Paske, lè yon moun pa kenbe pwomès li, sa sal karaktèl sèlman si li te gen move entansyon sa a depi nan moman li tap fè pwomès la. Men, si li te gen entansyon kenbe pwomès la tout bon vre, epi aprèsa yon anpèchman vin parèt oswa li vin wè yon lòt lide ki pi bon, nan ka sa a, fòm ipokrizi a pa egziste lakay li.'
Ipokrizi gen 2 kalite: ipokrizi nan kwayans ki retire moun nan nan lafwa, se lè yon moun fè semblan li se yon mizilman tout bon devan tout moun, epi li kache lide li genyen kont relijyon an nan fon kè li; ak ipokrizi nan aksyon, se lè yon moun sanble ak ipokrit yo nan konpòtman yo, sa pa retire moun nan nan lafwa, men li se youn nan gwo peche yo.
Ibn Hajar di: Epi savan yo tonbe dakò sou lefèt ke moun ki kwè nan fon kèl epi ak lang li, epi ki fè aksyon sa yo, yo pa jije li kòm yon moun ki pa kwayan, ni li pa yon ipokrit kap rete pou toutan nan Dife a.
An-Nawawi te di: Epi yon gwoup pami savan yo te di: Sa ki vize la a se moun ki ipokrit yo (Mounafiqin) ki te nan epòk Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li). Konsa, yo pale de lafwa yo, epi yo bay manti, yo fè yo konfyans sou relijyon yo a, epi yo trayi, yo pwomèt nan zafè relijyon an ak nan ede l, epi yo pa kenbel, epi yo depase limit nan diskisyon yo.
Sahih Al-Bukhari (1/ 16) (34).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 78) (58).
Plis (3)
المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (1/ 250).
بهجة قلوب الأبرار (ص 26).
البحر المحيط الثجاج (2/370).
Cited in books
2 BooksPlis (2)
- المناهج التعليمية - الصف السادسالمناهج الدراسية - التوحيد - الصف السادس «إذَا خَاصَمَ فَجَرَ، وَإِذَا عَاهَدَ غَدَرَ»[20].
- شرح الأربعين النووية«أَرْبَعٌ مَنْ كُنَّ فِيهِ كَانَ مُنَافِقًا، وَإِنْ كَانَتْ خَصْلَةٌ مِنْهُنَّ فِيهِ كَانَتْ فِيهِ خَصْلَةٌ مِنْ النِّفَاقِ حَتَّى يَدَعَهَا: مَنْ إِذَا حَدَّثَ كَذَبَ، وإِذَا وَعَدَ أَخْلَفَ، وإذَا خَاصَمَ فَجَرَ، وَإِذَا عَاهَدَ غَدَرَ».