Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah tout bon vre, Li tap bay nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo: yo soti nan maten ak vant vid, epi yo retounen nan aswè ak vant plen.
Bò kote Omar ibn al-Khattab (Se pou Allah satisfè avèk li), bò kote Pwofèt la (Pè ak benediksyon Allah kouvri li), li te di:
"Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah jan nou dwe fèl la, Li t ap bay nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo. Yo pati nan maten ak vant vid, epi yo tounen nan aswè ak vant plen."
«لَوْ أَنَّكُمْ كُنْتُمْ تَوَكَّلُونَ عَلَى اللهِ حَقَّ تَوَكُّلِهِ لَرَزَقَكُمْ كَمَا يَرْزَقُ الطَّيْرَ تَغْدُو خِمَاصًا وَتَرُوحُ بِطَانًا».
Pwofèt la (Se pou lapè AK Benediksyon Allah kouvri li) ankouraje nou pou nou apiye nèt sou Allah pou nou jwenn sa ki bon pou nou epi pou nou evite sa ki mal nan zafè lavi sa a ak nan relijyon nou, paske pa gen pesonn ki ka bay, ki ka anpeche, ki ka fè mal oswa ki ka bay benefis eksepte Li menm sèl. Epi li ankouraje nou tou pou nou poze aksyon kap fè nou jwenn sa ki bon epi evite sa ki mal, pandan nap mete tout konfyans nou nan Allah tout bon vre, epi konte sou Li. Depi nou fè sa, Allah ap ban nou pwovizyon nou menm jan Li bay zwazo yo pwovizyon yo, kote yo soti nan maten tou grangou, epi yo tounen nan aswè ak vant yo plen. Aksyon sa a zwazo yo poze a se yon fason pou yo itilize tout mwayen lojik ak pratik ki disponib nan chèche pwovizyon yo, san yo pa rete bra kwaze ap tann san fè anyen, epi san yo pa kite parès pran pye sou yo.
Vèti ki genyen nan mete konfyans nan Allah, epi lefètke li se youn nan pi gwo rezon ki pèmèt yon moun jwenn pwovizyon li.
Mete konfyans nan Allah pa vle di moun pa dwe poze aksyon, paske li te fè konnen ke mete konfyans nan Allah tout bon vre pa an kontradiksyon ak soti nan maten epi tounen aswè pou chache mwayen pou viv.
Lalwa relijye a pote atansyon sou aksyon ki fèt nan fon kè yo; paske mete tout konfyans nan Allah se yon aksyon ki fèt nan fon kè.
Konte sèlman sou aksyon se yon mank nan relijyon, epi kite aksyon se yon mank nan bon sans (lespri).
Sounna At-Tirmidhi (4/ 151) (2344).
Sounna Ibn Majah (5/ 266) (4164).
Mousnad Ahmad (1/ 332) (205).
Plis (5)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص103).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
للعباد (ص152).
الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.
لعبد الله المحسن (ص91).