Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

28 of 477 cards

Clear filters
Mwen te vin jwenn Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) avèk entansyon pou mwen anbrase Islam, epi li pasem lòd pou mwen fè yon beny pirifikasyon ak dlo ansanm ak fèy sidr.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
«Nenpòt moun ki li Ayat al-Kursi aprè chak lapriyè obligatwa, anyen pap anpeche li antre nan Paradi eksepte lamò.»
Sahih Rapòte pa An-Nasa'i nan Al-Kubra.
Yon Mesye te vin jwenn Pwofèt la (ke Allah beni li epi bal kè poze), li dil: "O Mesaje Allah, gen younn nan nou ki konn santi kèk lide ap pase nan tèt li—li tap pito tounen chabon (oswa boule tounen sann) pase pou li ta pwononse lide sa a." Lè sa a, Pwofèt la di: "Allah se pi gran, Allah se pi gran! Lwanj pou Allah ki redwi konplo Satan an jis nan nivo chichote (move lide)!"
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud ak An-Nasa'i nan Al-Koubra.
«Pa di: "Sa Allah vle ak sa entèl vle", men pito di: "Sa Allah vle, epi (aprèsa) sa entèl vle."»
Sahih (Otantik) gras a ansanm chèn transmisyon li yo. Se Abou Dawoud, An-Nasa'i nan Al-Koubra ak Ahmad ki rapòte li
«Anverite, lè moun yo wè yon moun ki enjis epi yo pa anpechel, li pap pran tan pou Allah kouvri yo tout ak yon chatiman ki soti nan Li.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
«Alyans ki ant nou menm ak yo a se Lapriyè. Kidonk, moun ki abandonel, li tonbe nan mekrekyans».
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah, ak Ahmad.
Yon jou, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè lapriyè douvanjou (Fajr/Sobh) ansanm avèk nou, epi li te mande: «Èske entèl la ?» Yo reponn: «Non.» Li te mande ankò: «Èske entèl la ?» Yo reponn: «Non.» Lè sa a li te di: «Anverite, 2 priyè sa yo se priyè ki pi lou (pi difisil) pou ipokrit yo fè. Si nou te konnen tout benediksyon ak rekonpans ki genyen nan 2 priyè sa yo, nou tap vin ladan yo menm si se trennen sou jenou nou ta dwe trennen. Epi premye ranje nan lapriyè a tankou ranje zanj yo; si nou te konnen tout valè li genyen, nou tap kouri pou nou pran plas la an premye. Lapriyè yon gason fè ansanm ak yon lòt gason gen plis valè (ak plis rekonpans) pase lèl priye poukont li, epi lapriyè li fè ansanm ak 2 gason gen plis valè pase sa li fè ak yon sèl gason. Plis moun yo anpil, se plis sa fè Allah plezi.»
Sahih Se Abou Dawoud, An-Nasa'i ak Ahmad ki rapòte li
Kite sa kap fèw doute pouw ale nan sak pap fèw doute, paske laverite bay trankilite, epi manti bay dout (oswa enkyetid).
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, An-Nasa'i, ak Ahmad.