Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

25 of 477 cards

Clear filters
Yo te mande: "O Mesaje Allah! Kiyès ki moun ki pi ere (oswa ki gen plis chans) pou jwenn entèsesyon ou nan Jou Jijman an?" Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te reponn: "O Abu Huraira, mwen te panse pa tap gen pèsonn anvan ou ki tap mandem sou hadith (pawòl) sa a, paske mwen wè jan ou enterese anpil pou aprann hadith yo. Moun ki pi ere pou jwenn entèsesyon mwen nan Jou Jijman an, se moun ki te di 'La ilaha illa Allah' (Pa gen lòt dye eksepte Allah) ak tout senserite ki soti nan fon kè li oswa nan nanm li."
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Ali bin Abi Talib te dim: "Èskem pa ta dwe voyew pou menm bagay Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te voyem fè a? Piga ou kite okenn estati san ou pa detwi li, ni okenn tonbo ki wo san ou pa metel menm nivo ak tè a."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Pa fè sèman sou zidòl yo, ni sou papa nou yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Li te avèk Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan youn nan vwayaj li yo, li te di: Konsa, Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te voye yon mesaje -pandan moun yo te nan plas kote yo tap pase nwit pou yo dòmi an-: «Pa dwe rete okenn kolye ki fèt ak kòd banza oswa okenn lòt kalite kolye nan kou okenn chamo san yo pa koupe li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Lè Oum Salama te rakonte Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou yon legliz li te wè nan peyi Abisini ki te rele "Mariya", li te pale li sou imaj li te wè ladan li yo. Lè sa a, Mesaje Allah a te di: "Sa yo se yon pèp kote lè yon bon sèvitè oswa yon bon nonm mouri nan mitan yo, yo bati yon moske sou tonb li epi yo mete imaj sa yo ladan li. Sa yo se pi move kreyati nan zye Allah."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Jundub (ke Allah kontan avè l) rakonte: Mwen te tande Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) senk jou anvan li mouri, li tap di: "Mwen deklare devan Allah, mwen pa pran okenn nan nou kòm zanmi pwòch (khalil). Paske Allah Toupwisan an te chwazim kòm zanmi pwòch Li, menm jan Li te chwazi Ibrahima (Abraram) kòm zanmi pwòch Li. Sim te dwe pran yon zanmi pwòch nan kominotem nan, mwen tap pran Abu Bakr. Epi atansyon! Moun ki te viv anvan nou yo te konn fè kavo pwofèt yo ak moun ki jis yo tounen kote pou yo adore. Atansyon! Pa fè kavo yo tounen kote pou nou adore; mwen entèdi nou fè sa."
Sahih Rapòte pa Mouslim
Yon gwoup moun te vin jwenn Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li). Li te aksepte sèman fidèlite 9 nan yo, epi li te refize pou youn. Yo te di: "O Mesaje Allah, ou aksepte sèman nèf nan yo epi ou kite sa a?" Li te di: «Li gen yon tamimah sou li». Lè sa a, nonm nan te foure men li epi li te rachel. Aprèsa, li te aksepte sèman li an, epi li te di: «Nenpòt moun ki pann yon tamimah, asireman li fè Shirk(idolatri)».
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Ahmad
"«Pa gen maladi ki trape pou kont li, ni pa gen move presaj, epi mwen renmen bon presaj.» Yo te mande l: E kisa ki bon presaj la? Li reponn: «Yon bon pawòl»."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li