Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

60 of 477 cards

Clear filters
Pandan nou te chita avèk Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) nan moske a, yon mesye antre sou yon chamo. Li fè chamo a kouche nan moske a, li mare janm li, epi li di yo: "Kilès nan nou ki Mohammad?" Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te chita ap apiye nan mitan yo, nou dil: "Se mesye sa a ki gen koulè blan an, ki chita ap apiye a." Mesye an di Pwofèt la: "O pitit Abdoul-Mouttalib!" Pwofèt la reponn li: "Mwen tande ou." Mesye an di Pwofèt la: "Map pozew yon kesyon, map mandew li ak fòs (map ensiste), donk pa fache avèm." Pwofèt la di li: "Poze kesyon sou sa ou vle." Mesye an di: "Map mandew nan non Granmèt ou a ak Granmèt moun ki te anvan ou yo: Èske se Allah ki voyew bay tout moun?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mandew nan non Allah : Èske se Allah ki kòmandew pou nou fè 5 lapriyè yo chak jou ak chak nwit?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande w nan non Allah : Èske se Li ki kòmandew pou nou fè jèn mwa sa a nan ane a?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande ou nan non Allah : Èske se Senyè toupwisan an ki kòmandew pou nou pran zakat sa a nan men moun rich nou yo pou nou pataje li bay pòv nou yo?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Lè sa a, Mesye a di: "Mwen kwè nan sa ou pote a, epi mwen se yon reprezantan ki soti dèyè pèp mwen an. Mwen se Dimam ibn Tha'labah, yon frè nan branch fanmi Bani Sa'd ibn Bakr."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Anverite, Allah (Toupwisan ak Majestye) entèdi nou fè sèman sou papa nou yo», Omar te di: Epi, pa Allah, mwen pa janm fè sèman sou yo depi mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi sa, ni an pwòp inisyativ mwen, ni nan repete pawòl lòt moun.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li menm sèl, Li pa gen okenn asosye, epi Muhammad se sèvitè Li epi Mesaje Li, epi 'Isa (Jezi) se sèvitè Allah ak Mesaje Li, ak pawòl Li ke Li te voye bay Maryam, epi yon lespri ki soti nan Li, epi Paradi a se verite, epi Lanfè a se verite; Allah ap fè li antre nan Paradi a, kèlkeswa sa zèv li yo te ye.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Senyè nou an, Sila ki beni epi ki toupwisan an, desann chak nwit nan syèl ki pi prè tè a lè li rete dènye tyè nwit lan, epi li di: «Kiyès kap priyem poum reponn li? Kiyès kap mandem poum ba li? Kiyès kap mandem padon poum padone l?».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li