Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

55 of 477 cards

Clear filters
«Anverite, Allah (ki Beni epi ki Egzalte) ap di abitan Paradi yo: "O abitan Paradi yo!" Yap reponn: "Men nou prezan, Seyè nou, nou devwe nèt nan sèvis Ou." Lap di: "Èske nou satisfè?" Yap reponn: "Poukisa pou nou pa ta satisfè alòske Ou ban nou sa Ou pa bay okenn nan kreyati Ou yo?" Lap di: "Map ban nou sa ki pi bon pase sa." Yo pral di: "O Seyè nou, epi kisa ki ka pi bon pase sa?" Lap di: "Mwen desann satisfaksyon Mwen sou nou, epi Mwen pap janm an kòlè kont nou ankò aprèsa pou toutan."»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te di: O Mesaje Allah, dim yon pawòl nan Islam mwen pap poze okenn lòt moun kesyon sou li sof ou menm. Li di: «Di: Mwen kwè nan Allah, aprèsa rete dwat.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Allah, ki beni epi ki anwo nèt la, di: "Mwen se Sila a ki pi endepandan mwen pa bezwen okenn asosye. Nenpòt moun ki fè yon aksyon kote li asosye yon lòt ansanm avè m, Mwen abandone ni li menm, ni chirk li a (sa li asosye avè m nan).
Sahih Rapòte pa Mouslim
Allah Toupwisan an ap di moun ki nan Lanfè kap resevwa pinisyon ki pi piti a nan Jou Jijman an: «Siw te posede tout sa ki sou latè, èskew ta bay li kòm ranson pou sove tèt ou?» Lè sa a, lap reponn: «Wi.» Lè sa a Allah ap dil: «Mwen te mandew yon bagay ki pi senp pase sa lontan depi lèw te nan ren Adan: pouw pat mete okenn asosye avèm nan adorasyon an, men ou te refize e ou te pèsiste pouw mete lòt dye ansanm avèm.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di yon pawòl, epi mwen te di yon lòt. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki mouri pandan lap adore yon lòt bagay oswa yon lòt moun kòm egal-ego ak Allah ; moun sa a ap antre nan lanfè.» Epi mwen menm, mwen te di: Moun ki mouri pandan li pap adore okenn lòt bagay oswa okenn lòt moun kòm egal-ego ak Allah ; moun sa a ap antre nan Paradi a.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«An verite, Allah pa gade aparans nou ak richès nou, men li gade kè nou ak aksyon nou yo».
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Allah ap pale ak chak grenn moun pami nou, san pa gen okenn entèprèt ant yo. Lap gade sou bò dwat li epi li pap wè anyen eksepte sa li te akonpli kòm zèv; lap gade sou bò gòch li epi li pap wè anyen eksepte sa li te akonpli kòm zèv; epi lap gade devan li epi li pap wè anyen eksepte Dife a fas a fas ak figi li. Kidonk, pwoteje tèt nou kont Dife a, menm si se avèk mwatye yon grenn dat.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"Moun ki gen mizèrikòd yo, Sila ki gen anpil bonte a ap gen mizèrikòd pou yo. Gen mizèrikòd pou moun ki sou tè a, Sila ki nan syèl la ap gen mizèrikòd pou nou."
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.