Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

33 of 477 cards

Clear filters
"«An verite, Allah fè jalouzi, epi an verite, kwayan an fè jalouzi, epi jalouzi Allah se lè kwayan an komèt sa Li entèdi pou li a»."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Satan ap vin jwenn youn nan nou, epi li di: Kilès ki kreye tèl bagay? Kilès ki kreye tèl bagay? Jiskaske li di: Kilès ki kreye Seyè ou a? Epi si li ta rive nan pwen sa a, enben se pou li chache pwoteksyon nan men Allah, epi se pou li sispann.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pa fè lwanj pou mwen depase limit (pa egzajere nan fè lwanj pou mwen) jan kretyen yo te fè pou pitit Mari a (Jezi); paske mwen se yon sèvitè Allah sèlman. Kidonk, di: Sèvitè Allah ak Mesaje Li.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Anas bin Malik (ke Allah satisfè avèk li) rakonte ke yon gason te mande: "O Pwofèt Allah! Ki jan yon moun ki pa kwè ap mache sou figi li nan Jou Rezirèksyon an?" Pwofèt la te reponn: "Èske Moun ki te pèmèt li mache sou 2 pyel nan monnd sa a pa gen pouvwa poul fèl mache sou figi li nan Jou Rezirèksyon an?" Qatada te di: "Wi, pa pouvwa ak glwa Seyè nou an!"
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Islam nan bati sou 5 pilye: Temwayaj pou fè konnen pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah epi Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li, fè lapriyè, bay Zakat, fè pelerinaj nan Kay Allah a, epi fè jèn nan mwa Ramadan an».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di ke Allah (Toupwisan an) te di: "Nenpòt moun ki pran youn nan zanmim yo (Awliya) kòm lènmi, map deklare lagè kont li. E pa gen anyen sèvitèm nan ka fè poul pwoche bò kotem ki pi renmen mwen pase devwa (obligasyon) mwen te enpoze sou li yo. E sèvitèm nan ap toujou kontinye pwoche bò kotem avèk aksyon volontè (nawafil) jiskaskem renmen li. Lèm fin renmen li, mwen tounen zòrèy li ki sèvil pou li tande, zyel ki sèvil pou li wè, men li ki sèvi li pou li aji, ak pye li ki sèvi li pou li mache. Si li mande mwen yon bagay, map ba lil; e si li mandem pwoteksyon, map pwotejel. Pa gen anyen mwen ezite fè tankou janm ezite pran nanm yon kwayan: li rayi lanmò, e mwen menm mwen rayi fèl mal."
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Mwen te mande Pwofèt la (ke benediksyon ak lapè Allah sou li): "Ki peche ki pi grav nan zye Allah?" Li di: "Se pouw mete yon egal ak Allah [ asosye], alòske se Li menm ki kreye w." Mwen di: "Sevre, sa a grav anpil!" Mwen di: "Epi aprèsa, kiyès?" Li di: "Se pouw touye pitit ou ak anvi kache poul pa manje avèw [sètadi ak laperèz pou li pa vin konsome nan rasyon ou an]." Mwen di: "Epi aprèsa, kiyès?" Li di: "Se pouw fè adiltè ak madanm vwazen ou."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Zanj yo pa antre nan yon kay ki gen chen ladan li, ni imaj (foto).
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li