Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

82 of 477 cards

Clear filters
Mwen te avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan yon vwayaj, konsa mwen te bese poum retire chosèt an kwi li yo, epi li te di: «Kite yo tou 2, paske mwen te mete yo pandan yo tou 2 te pirifye». Epi li te pase men sou yo.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pran prekosyon nou ak sispisyon; paske sispisyon se pawòl ki gen plis manti ladan li, piga nou fouye nan zafè moun, piga nou espyone, pa fè jalouzi youn sou lòt, pa vire do bay youn lòt, pa rayi youn lòt, epi se pou nou, adoratè Allah yo, viv tankou frè.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"«Moun ki bay manti sou mwen ak entansyon, se pou li pran plas li nan Dife a»."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Lè youn nan nou ap manje, se pou li manje ak men dwat li, epi lè li ap bwè, se pou li bwè ak men dwat li, paske dyab la (Satan) manje ak men gòch li, epi li bwè ak men gòch li.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Gen kèk nan konpayon Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki te di Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li): "O Mesaje Allah, moun rich yo ale ak tout rekonpans yo; yo priye menm jan nou priye, yo fè jèn menm jan nou fè jèn, epi yo bay Sadaka avèk sipli richès yo genyen." Li reponn yo: «Èske Allah pa ban nou mwayen pou nou fè Sadaka tou? Sètènman, chak Tasbih (lè nou di SoubhanAllah) se yon Sadaka, chak Takbir (lè nou di Allahu Akbar) se yon Sadaka, chak Tahmid (lè nou di Alhamdulillah) se yon Sadaka, chak Tahlil (lè nou di La ilaha illa Allah) se yon Sadaka; ankouraje moun fè sa ki byen se yon Sadaka, anpeche moun fè sa ki mal se yon Sadaka, epi gen yon Sadaka nan relasyon entim youn nan nou (avèk madanm li).» Yo dil: "O Mesaje Allah, èske youn nan nou kapab satisfè dezi li epi poul jwenn rekonpans pou sa?" Li reponn: «Èske nou pa wè, si li ta mete dezi li nan Haram (nan sa ki entèdi), li tap gen yon peche pou sa? Ebyen konsa tou, lè li mete li nan Halal (nan fason Allah pèmèt la), lap jwenn yon rekonpans.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«An verite, Allah bay moun ki fè enjistis la yon delè, jiskaske lè Li pinil Li pap kitel chape.» Li di: Aprèsa, li li: «{Epi se konsa chatiman Seyè ou la ye lè Li pini vil yo pandan yap fè enjistis. An verite, chatiman Li a fè mal anpil epi li rèd.} [Houd: 102]»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Si nou tande moun kap fè apèl pou lapriyè a (Muezzin an), repete sal di a. Aprèsa , mande benediksyon pou mwen, paske nenpòt moun ki mande benediksyon pou mwen yon sèl fwa, Allah ap beni li 10 fwa pou sa. Epi, mande Allah pou mwen al-Wasilah (yon plas espesyal nan Paradi a). Se yon pozisyon nan Paradi a ki pa apwopriye pou lòt moun pase youn nan sèvitè Allah yo, epi mwen espere se mwen menm ki pral jwenn li. Nenpòt moun ki mande al-Wasilah pou mwen, lap jwenn dwa pou mwen entèsede pou li . »
Sahih Rapòte pa Mouslim