Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

82 of 477 cards

Clear filters
"Lè yonn nan nou ap fè ablisyon (woudou), se poul mete dlo nan nen li epi poul mouchel. Nenpòt moun kap netwaye tèt li ak wòch (istijmar), se pou li fè sa yon kantite fwa ki enpè. Epi lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe mete men li nan veso dlo ablisyon an san li pa lavel anvan, paske yonn nan nou pa konnen kote men li te pase lannwit lan." Epi nan vèsyon Mouslim nan: "Lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe plonje men li nan veso dlo a toutotan li pa lave li 3 fwa, paske li pa konnen kote men li te pase lannwit lan."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la te mande: "O Aboul-Moundhir, èske ou konnen ki vèsè nan Liv Allah a ou posede ki pi gran?" Mwen reponn: "Allah ak Mesaje Li a pi konnen." Li poze kesyon an ankò: "O Aboul-Moundhir, èske ou konnen ki vèsè nan Liv Allah a ou posede ki pi gran?" Mwen reponn: "{Allah, pa gen lòt dye ki sanble ak Li,Li se Lavi ,Sila a ki soutni tout bagay} [Al-Baqarah: 255]." Lè sa a, li frape mwen lejèman sou lestomak epi li di: "Mwen fè sèman sou Allah, konesans lan ap fèw anpil byen, o Aboul-Moundhir!" »
Sahih Rapòte pa Mouslim
"Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pat ni grosye, ni li pat konn fè fòse pou li grosye, epi li te konn di: «Moun ki pi bon pami nou yo se sa ki gen pi bon moralite a.»"
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Yon mesye te manje bò kote Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) ak men gòch li. Epi li di: «Manje ak men dwat ou». Mesye a reponn: Mwen pa kapab. Pwofèt la di: «Se pouw pa kapab». Se sèlman awogans ki te anpeche. Li di: Epi li pat janm ka level mete nan bouch li ankò.
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Soti nan Pwofèt la (Ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li), nan sa lap rapòte soti nan Seyè li a (Allah) ki gen tout pouvwa a, li di: "Yon sèvitè te fè yon peche, li di: 'O Allah, padone pechem lan.' Allah (ki beni epi ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche.' Aprèsa, sèvitè a te retounen fè peche ankò, li di: 'O Seyè mwen, padone pechem lan.' Allah (ki beni e ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche.' Aprèsa, sèvitè a te retounen fè peche ankò, li di: 'O Seyè mwen, padone pechem lan.' Allah (ki beni e ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche. Fè sa ou vle, paske Mwen deja padonew.'" »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Pwofèt la te di: "Evite 7 gwo peche ki detwi moun." Yo mande l: "O Mesaje Allah, kiyès yo ye?" Li reponn: "Se bay Allah asosye (chirk), fè maji (si-r), touye yon moun Allah entèdi touye sof pou yon rezon valab, manje enterè (riba), manje byen yon timoun òfelen, kouri kite chan batay la lè gè a pete , ak akize fanm ki chaste, ki kwayan e ki inosan (fè yo sispèk kòm fanm movèz vi)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Mwen te dèyè pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) sou yon bourik yo te rele ‘Ufayr. Li te dim: "O Mou'az ! Èske ou konnen ki dwa Allah genyen sou sèvitè li yo, epi ki dwa sèvitè yo genyen sou Allah ?" Mwen te reponn: "Allah ak Mesaje li a konnen pi byen." Li te di: "Dwa Allah sou sèvitè yo, se pou yo adorel san yo pa asosye anyen avèk li. Epi, dwa sèvitè yo sou Allah, se pou Li pa pini moun ki pa asosye anyen avè l." Mwen te di: "O Mesaje Allah ! Èske mwen pa dwe bay moun yo bon nouvèl sa a?" Li te reponn: "Pa bay yo bon nouvèl sa a, paske yap vin apiye sou li (yap vin neglijan nan aksyon yo)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li