Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

83 of 477 cards

Clear filters
Daprè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ke li te entèdi fè ve(pwomès kondisyonèl bay Allah);, epi li te di: «Sètènman, li pa pote okenn byen, men se sèlman avèk li yo retire sa ki nan men moun ki chich la».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Ranje ran nou yo dwat, paske ranje ran yo dwat se youn nan sa ki rann lapriyè a konplè.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn pran dlo (fè ablisyon) pou chak lapriyè, mwen te di: «Kòman nou menm nou te konn fè?» Li te di: «Yon sèl ablisyon (Woudou) te sifi pou youn nan nou, toutotan li pat nan eta enpite (salte).»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Gen 5 aksyon ki nan nati moun (Al-Fitra): sikonsizyon, raze plim nan pati prive, taye moustach, koupe zong, ak rale plim anba bwa».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Lè nou ale pou nou fè bezwen nou, nou pa dwe bay fas nou nan direksyon Qibla a, ni nou pa dwe bay do nou ba li tou. Men, se pou nou vire nan direksyon lès oswa lwès.» Abu Ayyub te di: Lè nou te rive nan peyi Chanm, nou te jwenn twalèt ki te bati nan direksyon Qibla a. Konsa, nou te konn vire kò nou chanje direksyon, epi nou te mande Allah Trèwo a padon.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Vrè moun ki kenbe lyen fanmi an se pa moun ki annik rann parey la (ou fè pou mwen, m fè pou ou). Men, vrè moun ki kenbe lyen an, se moun ki, menm lè fanmi li koupe relasyon avè l, li menm li kontinye kenbe l (konekte l).
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Premye bagay yo pral jije ant moun yo nan Jou Jijman an, se nan zafè san.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Li te konn di Allahu Akbar (Allah se pi gran an) nan chak priyè, kit se priyè obligatwa yo oswa lòt yo, kit se nan mwa Ramadan oswa andeyòl. Li te konn di Allahu Akbar lèl kanpe (pou kòmanse), epil di Allahu Akbar lèl bese pou li bese tèt (Ruku'), epi l di: "Sami'Allahu liman hamidah" (Allah tande moun ki fè lwanj pou Li), epil di: "Rabbana wa lakal hamd" (Seyè nou an, pou ou lwanj la) anvan li pwostène. Epil di: "Allahu Akbar" lèl desann pou li pwostène, epil di Allahu Akbar lèl leve tèt li soti nan pwosternasyon an, epi l di Allahu Akbar lè l pwostène (ankò), epi l di Allahu Akbar lè l leve tèt li soti nan pwostènasyon an, epi li di Allahu Akbar lèl kanpe soti nan pozisyon chita aprè dezyèm inite a (rakat). Li te konn fè sa nan chak inite jiskaske li fini priyè a. Lè li fini, li te konn di: "Mwen fè sèman sou Sila a ki kenbe nanm mwen an, mwen se youn nan nou ki pi sanble ak fason Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn lapriyè, jiskaske li te pati kite mond sa a."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li