Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

12 of 477 cards

Clear filters
Dife nou an se yon pati nan swasanndis pati dife Lanfè a." Yo dil: "O Mesaje Allah! Si se te jis sa a, li tap sifi." Li reponn: "Li depase yo pa swasant-nèf pati, chak nan yo gen menm chalè ak li."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Anverite, Allah (ki Beni epi ki Egzalte) ap di abitan Paradi yo: "O abitan Paradi yo!" Yap reponn: "Men nou prezan, Seyè nou, nou devwe nèt nan sèvis Ou." Lap di: "Èske nou satisfè?" Yap reponn: "Poukisa pou nou pa ta satisfè alòske Ou ban nou sa Ou pa bay okenn nan kreyati Ou yo?" Lap di: "Map ban nou sa ki pi bon pase sa." Yo pral di: "O Seyè nou, epi kisa ki ka pi bon pase sa?" Lap di: "Mwen desann satisfaksyon Mwen sou nou, epi Mwen pap janm an kòlè kont nou ankò aprèsa pou toutan."»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Dife a kache dèyè dezi yo, epi Paradi a kache dèyè difikilte yo.»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Paradi a pi pre youn nan nou pase lasèt soulyel (oswa kòd sapat li), epi dife Lanfè a se egzakteman menm jan an tou.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Nenpòt moun ki garanti pou mwen sa ki ant 2 machwè li ak sa ki ante 2 janm li, mwen ap garanti Paradi a pou li.»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
« Yap fè lanmò a parèt sou fòm yon belye mouton ki gen koulè blan ak nwa melanje (gri). Lè sa a, yon moun kap rele pral di: "O nou menm moun ki nan Paradi!" Yap leve tèt yo pou yo gade, epi li pral di: "Èske nou rekonèt sa?" Yap di: "Wi, sa a se lanmò," epi yo tout te deja wè li. Aprèsa , lap rele: "O nou menm moun ki nan Dife!" Yap leve tèt yo pou yo gade, epi li pral di: "Èske nou rekonèt sa?" Yap di: "Wi, sa a se lanmò," epi yo tout te deja wè li. Lè sa a, yap koupe kou lanmò a (yap touye l). Aprèsa , li pral di: "O nou menm moun ki nan Paradi! Se pou toutan, pa gen lanmò ankò. Epi nou menm moun ki nan Dife! Se pou toutan, pa gen lanmò ankò." Aprèsa , li te resite vèsè sa a: "Avèti yo konsènan jou lapenn nan, lè yap fin regle zafè a, pandan yo menm yo nan neglijans" [Surat Maryam: 39]. Epi moun ki nan neglijans sa yo, se moun ki nan mond lan (ki pa kwè) {epi yo pa kwè}. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Moun ki rankontre Allah san li pa asosye okenn bagay avèk li, lap antre nan Paradi; epi moun ki rankontrel pandan li asosye yon bagay avèk li,lap antre nan dife Lanfè.
Sahih Rapòte pa Mouslim
Yo te mande Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa ki plis fè moun antre nan Paradi a, li te di: "Lakrentif pou Allah ak bon moralite", epi yo te mandel sou sa ki plis fè moun antre nan Lanfè a, li te di: "Bouch la ak pati entim yo."
Hasan Sahih (Bon ak Otantik) Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.