Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

31 of 477 cards

Clear filters
«Bonte se gen bon karaktè, epi peche a se sa kap trakase nan kè ou, epi ou pa ta renmen moun konnen li.»
Sahih Premye adis la: Rapòte pa Mouslim, ak dezyèm adis la: Rapòte pa Ahmad ak Ad-Darimi.
ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allmah sou li) te voyel nan peyi Yemen, epi li te pozel kesyon sou kèk bwason yo fè laba a, epi li te dil: E kisa yo ye?, li te di: «Al-Bit' ak Al-Mizr», epi yo te mande Abu Burdah: Kisa Al-Bit' la ye? Li te di: Bwason fèmante ki fèt ak siwo myèl, epi Al-Mizr la: bwason fèmante ki fèt ak lòj, epi li te di: «Tout sa ki rann moun sou entèdi». Al-Bukhari rapòte l.
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
Gen 4 defo si yon moun genyen yo nèt, li se yon vrè ipokrit. Epi si li gen yon sèl nan kalite sa yo nan li, sa vle di li gen yon tras (yon branch) nan ipokrizi nan li jiskaske li kite li: depi lap pale li bay manti, depil pwomèt li pa kenbe pawòl li, depil nan diskisyon (oswa an kòlè) li depase limit nan lenjistis (ak move pawòl), epi depi fè yon kontra (oswa yon sèman) li trayil.
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
« Nenpòt moun ki soulaje yon kwayan nan yon gwo pwoblèm lavi a, Allah ap soulaje li nan yon gwo pwoblèm jou jijman an. Nenpòt moun ki fasilite lavi yon moun ki nan bezwen, Allah ap fasilite lavi pal nan mond sa a ak nan lòt mond lan. Nenpòt moun ki kouvri defo yon mizilman, Allah ap kouvri defo pa li nan mond sa a ak nan lòt mond lan. Allah ap ede sèvitè a toutotan sèvitè a ap ede frèl. Nenpòt moun ki pran yon chemen pou li chèche konesans, Allah ap fasilite pou li chemen ki mennen nan paradi a. Pa gen yon gwoup moun ki reyini nan youn nan kay Allah yo, kap resite liv la epi kap etidyel ansanm, san lapè (sekirite nan kè) pa desann sou yo, san pitye Senyè toupwisan an pa kouvri yo, san zanj Allah yo pa antoure yo, epi Allah pa mansyone yo devan zanj ki bò kotel yo. Nenpòt moun aksyon li yo ralanti, relasyon fanmi li (oswa orijin li) pap fèl avanse pi vit. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nenpòt moun ki ajoute nan relijyon nou an yon bagay ki pa ladanl, yap rejte li.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
Yon Mesye te mande Mesaje Allah a (ke lapè Allah ak benediksyon li sou li): "Èskew panse sim fè lapriyè ki obligatwa yo, mwen fè jèn nan mwa Ramadan an, mwen konsidere sa ki pèmi kòm pèmi, mwen evite sa ki entèdi a, epim pa ajoute anyen sou sa, èske map antre nan Paradi a?" Li (Pwofèt la) reponn: "Wi."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Anverite, Allah mande pou nou aji ak bon kè nan tout sa nap fè. Si nou gen pou nou touye (nan lagè), fèl ak bon jan fason. Si nap touye yon bèt (poun manje), fèl ak bon jan fason: se pou chak moun file kouto li byen file, epi se pou li fè bèt la pa soufri.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Pa fè jalouzi youn pou lòt, pa fè magouy sou pri pou twonpe youn lòt, pa rayi youn lòt, pa vire do bay youn lòt, epi youn pa dwe vin antre nan komès lòt la poul gatel ; okontrè, O sèvitè Allah yo, se pou nou viv tankou frè. Yon mizilman se frè yon lòt mizilman : li pa fèl lenjistis, li pa lagel nan tray, epi li pa meprizel . "Krentif pou Allah a (Taqwa) se la a li ye," epi li lonje dwèt li sou pwatrin li 3 fwa. "Li sifi kòm yon gwo mal pou yon moun ta meprize frè mizilman li an. Tout sa yon mizilman genyen se bagay ki sakre pou yon lòt mizilman atake : san l, byen li yo, ak onèl." »
Sahih Rapòte pa Mouslim