Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

72 of 477 cards

Clear filters
Gen 4 defo si yon moun genyen yo nèt, li se yon vrè ipokrit. Epi si li gen yon sèl nan kalite sa yo nan li, sa vle di li gen yon tras (yon branch) nan ipokrizi nan li jiskaske li kite li: depi lap pale li bay manti, depil pwomèt li pa kenbe pawòl li, depil nan diskisyon (oswa an kòlè) li depase limit nan lenjistis (ak move pawòl), epi depi fè yon kontra (oswa yon sèman) li trayil.
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
"«An verite, Allah fè jalouzi, epi an verite, kwayan an fè jalouzi, epi jalouzi Allah se lè kwayan an komèt sa Li entèdi pou li a»."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Mwen pral kanpe bò Basen an (Al-Hawd) ap gade kiyès nan nou kap vin jwenn mwen. Gen moun yo pral pran (yo pral retire yo lwen mwen), mwen pral di: "O Seyè mwen, yo soti nan mwen, yo soti nan kominotem!" Lè sa a, yap reponn mwen: "Èskew pa konnen sa yo te fè aprèw fin ale? Mwen fè sèman sou Allah, yo pat sispann retounen sou tras yo (yo te chanje relijyon yo oswa yo te vire do bay verite a)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Satan ap vin jwenn youn nan nou, epi li di: Kilès ki kreye tèl bagay? Kilès ki kreye tèl bagay? Jiskaske li di: Kilès ki kreye Seyè ou a? Epi si li ta rive nan pwen sa a, enben se pou li chache pwoteksyon nan men Allah, epi se pou li sispann.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pa fè lwanj pou mwen depase limit (pa egzajere nan fè lwanj pou mwen) jan kretyen yo te fè pou pitit Mari a (Jezi); paske mwen se yon sèvitè Allah sèlman. Kidonk, di: Sèvitè Allah ak Mesaje Li.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Anas bin Malik (ke Allah satisfè avèk li) rakonte ke yon gason te mande: "O Pwofèt Allah! Ki jan yon moun ki pa kwè ap mache sou figi li nan Jou Rezirèksyon an?" Pwofèt la te reponn: "Èske Moun ki te pèmèt li mache sou 2 pyel nan monnd sa a pa gen pouvwa poul fèl mache sou figi li nan Jou Rezirèksyon an?" Qatada te di: "Wi, pa pouvwa ak glwa Seyè nou an!"
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pase bò kot 2 tonb, epi li te di: «Anverite, yap pini yo tou 2 epi se pa pou yon gwo zafè yap pini yo, kanta pou youn nan yo, li pat konn pwoteje tèt li kont pipi li, epi kanta pou lòt la, li te konn mache ap fè tripotay.» Aprèsa li te pran yon branch palmis frèch, li fann li an 2, epi li plante youn sou chak tonb. Yo te di: O Mesaje Allah, poukisa ou fè sa? Li te di: «Petèt sa ap soulaje yo toutan yo poko sèch.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Kite m' (pa pousem nan detay) sou sam pa di nou. Se paske pèp ki te viv anvan nou yo te konn poze twòp kesyon epi yo te konn dezobeyi pwofèt yo ki fè yo te peri. Donk, sim entèdi nou yon bagay, evitel nèt; e sim ban nou yon lòd, fè tout saw kapab pouw respektel. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li