Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

14 of 477 cards

Clear filters
Yo te mande Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa ki plis fè moun antre nan Paradi a, li te di: "Lakrentif pou Allah ak bon moralite", epi yo te mandel sou sa ki plis fè moun antre nan Lanfè a, li te di: "Bouch la ak pati entim yo."
Hasan Sahih (Bon ak Otantik) Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
Allah bay yon egzanp: yon chemen dwat. Sou tou 2 bò chemen an, gen 2 miray. Nan miray sa yo, gen pòt ki louvri, epi sou pòt yo, gen rido ki pandye (ki kouvri yo). Nan antre chemen an, gen yon moun kap rele kap di: "O nou menm moun yo, antre nan chemen an ansanm, epi pa detounen (pa kite wout la)." Epi gen yon lòt moun kap rele depi anwo chemen an; chak fwa yon moun vle louvri youn nan pòt sa yo, li di: "Malè pou ou! Pa louvril, paske siw louvri li, wap antre ladan li." Chemen an se Islam nan; 2 miray yo se limit Allah yo (lwa Li yo); pòt ki louvri yo se bagay Allah entèdi yo (sa ki haram yo); moun kap rele nan tèt chemen an se Liv Allah a (Koran an); epi moun kap rele depi anwo chemen an se avètisè Allah a ki nan kè chak Mizilman.
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn repete souvan: «O Ou menm kap vire kè yo, kenbe kè mwen fèm sou relijyon Ou an.» Lè sa a, mwen te di: "O Mesaje Allah, nou kwè nan ou ak nan sa ou pote a, èske ou gen krentif pou nou?" Li reponn: «Wi, san dout, kè yo nan mitan 2 dwèt pami dwèt Allah yo, Li vire yo jan Li vle.»
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
Mwen te di: O Mesaje Allah, anseye mwen yon bagay pou mwen mande Allah Toupwisan ak Majestye a. Li te di: «Mande Allah byennèt», epi mwen te rete pandan kèk jou, aprèsa mwen te vini epi mwen te di: O Mesaje Allah, anseye mwen yon bagay pou mwen mande Allah. Epi li te di mwen: «O Abbas, O tonton Mesaje Allah, mande Allah byennèt nan lavi sa a ak nan lòt lavi a».
(Otantik gras a lòt vèsyon) Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
Lè vèsè sa a te desann: {Epi, jou sa a, yap poze nou kesyon sou tout benediksyon ak plezi nou te jwenn sou tè a} [At-Takasur: 8], Zubayr te di: 'O Mesaje Allah, sou ki benediksyon ak plezi yap poze nou kesyon, alòske se sèlman 2 bagay nwa yo nou genyen: dat ak dlo?' Li di: «An verite, sa ap rive».
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah
«Eprèv yo ap toujou kontinye frape kwayan an, gason kou fi, nan pwòp lavi li, nan pitit li ak nan byen li, jiskaske li rankontre Allah san pa gen okenn peche sou li.»
« Bon » ou « Byen » Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li