Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

47 of 477 cards

Clear filters
Yo te mande Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa ki plis fè moun antre nan Paradi a, li te di: "Lakrentif pou Allah ak bon moralite", epi yo te mandel sou sa ki plis fè moun antre nan Lanfè a, li te di: "Bouch la ak pati entim yo."
Hasan Sahih (Bon ak Otantik) Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Nou te bò kote Omar, epi li te di: « Yo te entèdi nou fè sa ki depase kapasite nou (Takalluf). »
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«An verite, Allah bay moun ki fè enjistis la yon delè, jiskaske lè Li pinil Li pap kitel chape.» Li di: Aprèsa, li li: «{Epi se konsa chatiman Seyè ou la ye lè Li pini vil yo pandan yap fè enjistis. An verite, chatiman Li a fè mal anpil epi li rèd.} [Houd: 102]»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Gen krentif pou enjistis, paske enjistis ap tounen fènwa nan Jou Rezirèksyon an, epi gen krentif pou avaris, paske avaris te detwi moun ki te la anvan nou yo, li te pouse yo vèse san yo epi rann legal sa ki te entèdi pou yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Èske mwen pa dwe fè nou konnen pi gwo nan gwo peche yo?» 3 fwa, yo reponn: «Wi, o Mesaje Allah.» Li di: «Bay Allah asosye, ak dezobeyi paran yo.» Epi li te chita pandan li te apiye, epi li di: «Atansyon, ak fo pawòl (fo temwayaj).» Li di: Epi li te kontinye ap repetel jiskaske nou te di: Nou ta swete li te fè silans.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Te gen yon mesye ki te konn prete moun lajan, e li te konn di sèvitèl la: "Lè ou al jwenn yon moun ki nan difikilte pou li peye, padonel (oswa fèl yon rabè), petèt Allah ap padone nou tou." Lè mesye a te mouri epi li rankontre Allah, Allah te padone li.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Yon gason pa dwe gade pati entim yon lòt gason, ni yon fanm pa dwe gade pati entim yon lòt fanm, epi yon gason pa dwe kole kò li ak yon lòt gason anba yon sèl rad, ni yon fanm pa dwe kole kò li ak yon lòt fanm anba yon sèl rad.»
Sahih Rapòte pa Mouslim