Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

46 of 477 cards

Clear filters
Lè nou kanpe pou lapriyè, ranje ran nou yo byen. Aprèsa kite youn nan nou dirije lapriyè a pou nou. Lè Imam lan di 'Allahu Akbar', nou menm tou di 'Allahu Akbar'. Lè li rive nan fen Al-Fatiha a epi li di:  {غَيْرِ الْمَغْضُوبِ عَلَيْهِمْ وَلا الضَّالِّينَ}, {ghayr almaghdub ealayhim wala alddallina} Sa vle di: ( pa chemen sa yo ki fè w an kòlè, epi ki pa chemen moun ki pèdi wout la), nou tout di: 'Amin', konsa Allah ap reponn nou. Lè Imam lan di 'Allahu Akbar' epi li bese (ruku'), nou menm tou di 'Allahu Akbar' epi nou bese, paske Imam lan dwe bese anvan nou epi li dwe leve anvan nou." Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Se konsa sa dwe fèt. Lè Imam lan di: Sami'allahu liman hamidah (Allah tande moun ki fè lwanj pou li), nou menm nou di: Allahumma Rabbana lakal hamd (O Allah, Seyè nou an, se pou ou lwanj la), konsa Allah ap tande nou. Paske Allah Toupwisan an, te di nan bouch pwofèt li a: Sami'allahu liman hamidah. Lè li di 'Allahu Akbar' epi li pwostène (sujud), nou menm tou di 'Allahu Akbar' epi nou pwostène, paske Imam lan dwe pwostène anvan nou epi li dwe leve anvan nou." Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te ajoute: "Se konsa sa dwe fèt. Lè nou rive nan moman chita a (tashahhud), se pou premye pawòl nou di se: At-tahiyyatu at-tayyibatu as-salawatu lillah, as-salamu 'alayka ayyuhan-nabiyyu wa rahmatullahi wa barakatuhu, as-salamu 'alayna wa 'ala 'ibadillahis-salihin, ash-hadu an la ilaha illallah wa ash-hadu anna Muhammadan 'abduhu wa rasuluh (Tout salitasyon, tout bon bagay, ak tout lapriyè se pou Allah , Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah. Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah, epi mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesaje li)."
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pa gen lapriyè (lapriyè a pa valab) pou moun ki pa li Fatiha (premye chapit) Liv la.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Islam nan bati sou 5 pilye: Temwayaj pou fè konnen pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah epi Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li, fè lapriyè, bay Zakat, fè pelerinaj nan Kay Allah a, epi fè jèn nan mwa Ramadan an».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Sa ki separe yon moun ak zak asosye lòt fòs ak dye (Chirk) oswa ak Mekreyan(Koufr), se sispann fè lapriyè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Yon Mesye te mande Mesaje Allah a (ke lapè Allah ak benediksyon li sou li): "Èskew panse sim fè lapriyè ki obligatwa yo, mwen fè jèn nan mwa Ramadan an, mwen konsidere sa ki pèmi kòm pèmi, mwen evite sa ki entèdi a, epim pa ajoute anyen sou sa, èske map antre nan Paradi a?" Li (Pwofèt la) reponn: "Wi."
Sahih Rapòte pa Mouslim
Gen yon Mesye avèg ki te vin bò kote Pwofèt la (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li), epi li di: "O Mesaje Allah, mwen pa gen pèsonn pou mennen m nan moske a." Li te mande Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) pèmisyon pou li priye lakay li. Pwofèt la te ba li pèmisyon an. Men, pandan gason an tap vire poul ale, Pwofèt la relel, epi li dil: "Èske w tande apèl pou priyè a (Azān lan)?" mesye an reponn: "Wi." Pwofèt la di li: "Enben, reponn li (ale nan moske a)."
Sahih Rapòte pa Mouslim
Sètènman, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn leve 2 men li nan nivo zepòl li lè lap kòmanse lapriyè a, epi lè li tap di Allahou Akbar poul fè Woukou, ak lè li te leve tèt li sot nan Woukou a, li te leve 2 men li menm jan an tou, epi li te di: «Allah tande moun kap fè lwanj pou Li a, O Senyè nou, epi se pou Ou tout lwanj yo ye», epi li pat konn fè sa lè lap fè Soujoud.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pa gen lapriyè nan prezans manje, ni lè li ap kenbe pipi ak poupou.»
Sahih Rapòte pa Mouslim