Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
«Allah pa aksepte lapriyè okenn nan nou si li nan eta enpite (salte), toutotan li pa fè ablisyon (Woudou).»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Gen 5 aksyon ki nan nati moun (Al-Fitra): sikonsizyon, raze plim nan pati prive, taye moustach, koupe zong, ak rale plim anba bwa».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Si yon chen bwè nan veso youn nan nou, se poul lave li 7 fwa.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"Lè yonn nan nou ap fè ablisyon (woudou), se poul mete dlo nan nen li epi poul mouchel. Nenpòt moun kap netwaye tèt li ak wòch (istijmar), se pou li fè sa yon kantite fwa ki enpè. Epi lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe mete men li nan veso dlo ablisyon an san li pa lavel anvan, paske yonn nan nou pa konnen kote men li te pase lannwit lan." Epi nan vèsyon Mouslim nan: "Lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe plonje men li nan veso dlo a toutotan li pa lave li 3 fwa, paske li pa konnen kote men li te pase lannwit lan."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki benyen jou Vandredi a menm jan li benyen pou li soti nan eta janaba (benyen nèt), epi li ale nan Moske a (nan premye moman an), se kòmsi li te ofri yon gwo chamo kòm sakrifis. Moun ki ale nan dezyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon bèf. Moun ki ale nan twazyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon belye(bouk kabrit) ki gen kòn. Moun ki ale nan katriyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon poul. Epi moun ki ale nan senkyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon ze. Men, depi Imam nan soti (poul monte sou chè a), zanj yo fèmen kaye yo epi yo antre pou yo koute rapèl la (prèch la).»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li