Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

28 of 477 cards

Clear filters
Mesaje Allah a te voyem pou yon bezwen, epi mwen te tonbe nan eta enpite majè epi mwen pat jwenn dlo, konsa, mwen te woule kòm sou tè a menm jan yon bèt woule kò li. Aprèsa, mwen vin jwenn Pwofèt la, epi mwen mansyone sa ba li, epi li di: «Li te sifi pou ou annik fè konsa ak 2 men ou yo.» Aprèsa, li frape tè a ak 2 men li yo yon sèl fwa, aprèsa, li mase men gòch la sou men dwat la, ak do 2 men li yo ansanm ak figi li.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Mwen gen yon san ki ap koule sipleman , kidonk mwen pa janm pwòp, èskem dwe sispann lapriyè? » Li reponn: « Non, sa a se yon san ki soti nan yon venn, men ou dwe sispann lapriyè kantite jou ou te abitye fè règ ou yo, epi aprèsa ou va benyen epi ou va priye. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te avèk Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li), li te rive bò yon pil fatra yon gwoup moun, epi li te pipi tou kanpe. Mwen te rale kòm sou kote, epi li te di: «Pwoche.» Mwen te pwoche jiskaske mwen te kanpe dèyè talon li yo. Aprèsa, li te fè ablisyon epi li te pase men li sou 2 chosèt an kwil yo.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« "Pa gen yon mizilman ki fè abliyon li (woudou) epi ki fèl byen kòrèkteman, aprèsa li leve li fè 2 rakat (sik lapriyè) kotel konsantre nèt ak tout kèl epi avèk tout figil (avèk respè ak devosyon), san Paradi a pa vin garanti pou li." Mwen te di: "Ala yon bèl bagay sa ye!" Lè sa a, gen yon moun devan mwen ki di: "Sa ki te di anvan an pi bon toujou!" Mwen gade, epim wè se te Omar. Li di: "Mwen te wèw fèk rive la a." Li te di: "Pa gen youn nan nou ki fè abliyon li epi ki fin konpletel nèt ale, epi aprè sa li di: 'Mwen temwaye pa gen lòt dye eksepte Allah,epi Muhammad se sèvitè Allah ak Mesaje Li a', san tout 8 pòt Paradi yo pa louvri pou li, poul ka antre nan nenpòt sal vle." »
Sahih Rapòte pa Mouslim