Skip to content

Seyè nou an, ki beni epi ki egzalte, desann chak lannwit nan syèl ki pi prè tè a, lè dènye tyè nan lannwit lan rete.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Senyè nou an, Sila ki beni epi ki toupwisan an, desann chak nwit nan syèl ki pi prè tè a lè li rete dènye tyè nwit lan, epi li di: «Kiyès kap priyem poum reponn li? Kiyès kap mandem poum ba li? Kiyès kap mandem padon poum padone l?».

«يَنْزِلُ رَبُّنَا تَبَارَكَ وَتَعَالَى كُلَّ لَيْلَةٍ إِلَى السَّمَاءِ الدُّنْيَا حِينَ يَبْقَى ثُلُثُ اللَّيْلِ الْآخِرُ، يَقُولُ: «مَنْ يَدْعُونِي فَأَسْتَجِيبَ لَهُ؟ مَنْ يَسْأَلُنِي فَأُعْطِيَهُ؟ مَنْ يَسْتَغْفِرُنِي فَأَغْفِرَ لَهُ؟».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè wè aklè ke Allah (ki beni epi ki pi wo pase tout bagay) desann chak lannwit nan syèl ki pi prè tè a lè dènye tyè lannwit lan rete, epi Li ankouraje sèvitè li yo pou yo rele li, konsa Li reponn moun ki rele li a. Li ankouraje yo pou yo mande li sa yo vle, konsa Li bay moun ki mande li a, epi Li rekòmande yo pou yo mande li padon pou peche yo, konsa Li padone sèvitè kwayan li yo.

Pami benefis Hadith la

Valè ak Merite dènye tyè lannwit lan, ansanm ak lapriyè, siplikasyon, epi mande padon ladan li.

Li rekòmande pou yon moun, lè li tande Hadith sa a, pou li veye anpil pou li pwofite moman kote yo reponn siplikasyon yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 521) (758).

Plis (3)

صحيح البخاري صحيح البخاري (2/ 53) (1145).

الإفصاح عن معاني الصحاح.

ليحيى بن هبيرة (6/ 195).