Skip to content

Moun ki devanse tout lòt yo se moun ki toujou ap sonje Allah.

Daprè Abu Hurayrah (se pou Allah satisfè ak li), li di:

« Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) tap vwayaje sou wout ki mennen Lamèk la, li pase bò kote yon mòn yo rele Joumdan, epi li di: "Kontinye mache, men Joumdan! Moun ki izole tèt yo pou adore Allah yo devanse tout lòt moun." Yo mande li: "Kiyès moun sa yo ye, o Mesaje Allah ?" Li reponn: "Se gason ak fanm ki sonje Allah anpil yo." »

كَانَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يَسِيرُ فِي طَرِيقِ مَكَّةَ، فَمَرَّ عَلَى جَبَلٍ يُقَالُ لَهُ جُمْدَانُ، فَقَالَ: «سِيرُوا هَذَا جُمْدَانُ، سَبَقَ الْمُفَرِّدُونَ» قَالُوا: وَمَا الْمُفَرِّدُونَ يَا رَسُولَ اللهِ؟ قَالَ: «الذَّاكِرُونَ اللهَ كَثِيرًا وَالذَّاكِرَاتُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

« Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre gwo pozisyon moun ki toujou ap sonje Allah anpil yo genyen, epi li fè konnen yo mete tèt yo apa epi yo devanse tout lòt moun pou yo jwenn pi gwo ran yo nan Paradi a; li te konpare yo ak mòn Joumdan ki kanpe apa pami tout lòt mòn yo. »

Pami benefis Hadith la

Li trè rekòmande pou yon moun fè anpil rapèl Allah (dhikr) epi okipe tèt li ak sa, paske se sèlman gras avèk yon pakèt zèv obeyisans ak senserite nan adorasyon yo yon moun ap ka pran devan nan Lavi ki ap Vini an .

Rapèl Allah kapab fèt avèk lang lan sèlman, oswa avèk kè a sèlman, oswa avèk lang lan ak kè a ansanm, epi se sa ki degre ki pi wo a.

Pami zikr yo, nou jwenn envokasyon lejislasyon islamik la preskri pou yon moman presi, tankou zikr maten ak aswè, zikr aprè priyè obligatwa yo, ansanm ak lòt ankò.

An-Nawawi te di: Konnen byen ke valè rapèl Allah a (dhikr) pa limite sèlman nan fè tasbi, tahliil, tahmiid, takbiir ak lòt fòmil konsa; okontrè, nenpòt moun kap aji pou Allah ki Pi Wo a nan obeyisans, moun sa a ap sonje Allah .

Sonje Allah se youn nan pi gwo mwayen ki fè moun rete fèm, Senyè toupwisan an di: (O nou menm moun ki gen lafwa yo, lè nou fè fas ak yon gwoup lènmi, rete fèm, epi sonje Allah anpil pou nou ka reyisi) [Al-Anfal: 45]

Pwen konparezon ant moun ki sonje Allah yo ak mòn Joumdan lan se fason yo mete tèt yo apa ak izòlman yo; mòn Joumdan kanpe apa poukont li pami tout mòn yo, epi se menm jan an pou moun ki sonje Allah ki Pi Wo a: moun ki mete tèt li apa a se sila a ki gen kèl ak lang li izole sèlman nan sonje Mèt li a, menm si li nan mitan foul moun, li jwenn lapè nan moman retrèt li poukont li epi li santil malalèz lè li twò mele ak foul la. Konparezon an ka vle di tou ke fè rapèl Allah (dhikr) se yon rezon ki bay fòs pou kenbe fèm nan relijyon an, menm jan mòn yo se rezon ki fè tè a rete fèm. Oubyen sa ka vle di pran devan nan fè bon bagay nan mond sa a ak nan Lòt Mond lan, paske yon vwayajè ki tap soti Madina pou ale Lamèk, lèl te rive Joumdan, se te yon siy ki montre li prèske rive Lamèk epi moun ki rive anvan te pran devan; se konsa tou moun kap fè rapèl Allah a pran devan tout lòt moun gras a kantite fwa li sonje Allah ki Pi Wo a. Epi Allah konnen pi byen.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2062) (2676).

Plis (8)

نزهة المتقين.

لمجموعة من الباحثين (2/ 983).

تيسير الكريم الرحمن في تفسير كلام المنان.

لابن سعدي (ص665).

بهجة الناظرين.

لسليم الهلالي (2/ 510).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (5/ 516).