Skip to content

Pataje sa nou konnen nan men mwen, menm si se yon sèl vèsè. Pale sou istwa pitit Izrayèl yo, pa gen okenn pwoblèm nan sa. Men, nenpòt moun ki bay manti sou mwen volontèman, kitel prepare plas li nan dife lanfè a.

Epi, bò kote Abdullah ibn Amr (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

Pataje sa nou konnen nan men mwen, menm si se yon sèl vèsè. Pale sou istwa pitit Izrayèl yo, pa gen okenn pwoblèm nan sa. Men, nenpòt moun ki bay manti sou mwen volontèman, kitel prepare plas li nan dife lanfè a.

«بَلِّغُوا عَنِّي وَلَوْ آيَةً، وَحَدِّثُوا عَنْ بَنِي إِسْرَائِيلَ وَلَا حَرَجَ، وَمَنْ كَذَبَ عَلَيَّ مُتَعَمِّدًا فَلْيَتَبَوَّأْ مَقْعَدَهُ مِنَ النَّارِ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah sou li) bay lòd pou yo transmèt konesans ki soti nan li a, kit se nan Liv la oswa nan Tradisyon Pwofèt la (Sunnah), menm si bagay la piti tankou yon vèsè nan Koran an oswa yon Hadith, ak kondisyon pou moun nan gen konesans sou sa lap transmèt la epi lap rele moun vin jwenn li an. Aprèsa, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te eksplike ke sa pa gen pwoblèm pou rakonte sou pitit Izrayèl yo, konsènan evènman ki te rive yo, depi sa pa kontrè ak lalwa pa nou an. Aprèsa, li te avèti kont bay manti sou li, epi ke moun ki bay manti sou li ak entansyon, se pou li pran yon plas pou tèt li nan Dife a.

Siyifikasyon mo yo

لا حرج: لا إثم ولا ذنب.

بنو اسرائيل: هم بنو يعقوب بن إسحاق بن إبراهيم، فإسرائيل لقب ليعقوب. والمراد أتباع دينهم من اليهود والنصارى.

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou moun transmèt lwa Allah a, epi se yon devwa pou chak moun transmèt sa li memorize ak sa li konprann, menm si se ta yon ti kras.

Devwa pou chèche konesans relijyon an, pou li kapab adore Allah epi transmèt lwa Li yo yon fason ki kòrèk.

Li obligatwa pou nou verifye otantisite nenpòt hadith (pawòl Pwofèt la) anvan nou transmèt li oswa pibliye li, pou nou evite tonbe anba menas grav sa a (ki se plas nan dife lanfè a pou moun ki bay manti sou Pwofèt la).

Ankourajman pou moun di laverite nan pawòl yo epi pou yo pran prekosyon nan sa yap di, yon fason pou yo pa tonbe nan bay manti, espesyalman nan lwa Allah, ki gen Tout Pouvwa ak Tout Grandè a.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (4/ 170) (3461).

Plis (6)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (2/ 464).

نزهة المتقين.

لمصطفى الخن وغيره (2/ 951).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (5/ 429).