Skip to content

Evite enjistis, paske enjistis ap tounen fènwa nan Jou Rezirèksyon an, epi evite avaris, paske avaris te detwi moun ki te la anvan nou yo,

Bò kote Jabir ibn Abdullah (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), ke Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di:

«Gen krentif pou enjistis, paske enjistis ap tounen fènwa nan Jou Rezirèksyon an, epi gen krentif pou avaris, paske avaris te detwi moun ki te la anvan nou yo, li te pouse yo vèse san yo epi rann legal sa ki te entèdi pou yo.»

«اتَّقُوا الظُّلْمَ، فَإِنَّ الظُّلْمَ ظُلُمَاتٌ يَوْمَ الْقِيَامَةِ، وَاتَّقُوا الشُّحَّ، فَإِنَّ الشُّحَّ أَهْلَكَ مَنْ كَانَ قَبْلَكُمْ، حَمَلَهُمْ عَلَى أَنْ سَفَكُوا دِمَاءَهُمْ وَاسْتَحَلُّوا مَحَارِمَهُمْ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te avèti kont lenjistis, pami yo genyen: lenjistis anvè moun, lenjistis anvè pwòp tèt ou, ak lenjistis nan dwa Allah, Trèwo a, Epi se Neglije bay tout moun ki gen dwa sou dwa li, e enjistis sa a pral fènwa sou konpayon li yo nan jou rezirèksyon an, depi nan advèsite(gwo pwoblèm) ak laterè. Epi Li entèdi kripya, ki se yon avaris ekstrèm ansanm ak gwo anvi, epi pami sa genyen neglijans nan akonpli dwa finansye yo ak yon anvi ekstrèm pou lavi sou latè, Epi kalite enjistis sa a te detwi nasyon ki te la anvan nou yo, kote li te pouse yo touye youn lòt, epi rann legal sa Allah te entèdi yo.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Pataje richès ak montre solidarite ak frè yo se pami mwayen ki devlope lanmou mityèl ak ranfòse lyen youn ak lòt.

Avaris ak anvi sa moun posede trennen nan peche, imoralite ak move zak.

Tire leson nan sitiyasyon nasyon anvan yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1996) (2578).

Plis (4)

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

مجموعة من الباحثين (1/ 484).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 614).