Skip to content

Detachew de bagay mond lan, Allah ap renmen ou; detachew de sa moun genyen, moun ap renmen w.

Daprè Abou Al-Abbas Sahl bin Sa'd As-Sa'idi (ke Allah satisfè de li), li te di: Yon mesye te vin bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li di: "O Mesaje Allah, montrem yon zèv, si mwen fè li, Allah ap renmenm epi moun yo ap renmenm." Lè sa a, li di:

«Detache ou de lavi sou latè, Allah ap renmen ou, epi detache ou de sa moun genyen, moun ap renmen ou.»

«ازْهَدْ فِي الدُّنْيَا يُحِبُّكَ اللَّهُ، وَازْهَدْ فِيمَا عِنْدَ النَّاسِ يُحِبُّكَ النَّاسُ».

Rapòte pa Ibn Majah, ak lòt moun ankò, avèk bon chèn transmisyon.
« An-Nawawi te di: Se yon hadis ki bon (Hassan). »
Esplikasyon an

Yon mesye te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pou li montrel yon aksyon, ke si li fèl, Allah ap renmen li epi moun ap renmen li. Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di li: Allah ap renmen ou si ou kite sa ki anplis nan lavi sou latè, ak sa ki pap itil ou nan lavi aprè lanmò a, epi ou kite sa ki ka pote domaj nan relijyon w lan. Epi moun ap renmen ou si ou pa anvi sa ki nan men yo nan lavi sou latè; paske se nan nati yo pou yo renmen li, donk moun kap fè konpetisyon ak yo pou li a, yap rayil, epi moun ki kite sa pou yo a, yap renmen li.

Pami benefis Hadith la

Merit detachman ak bagay mond lan, ki vle di: abandone sa ki pa itil pou lavi aprè lanmò (lòt mond lan).

Degre detachman an (zuhd) pi wo pase degre pyete a (wara'); paske pyete se abandone sa ki ka fèw mal, alòske detachman se abandone sa ki pa itil ou pou lavi aprè lanmò a.

As-Sindi, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: Sètènman, lavi sou tè a (Dounya) se yon bagay moun yo renmen; kidonk, nenpòt moun ki fè konkirans ak yo ladan li, lap vin yon moun yo rayi nan menm nivo sa a, epi nenpòt moun ki kite yo ak sa yo renmen an, lap vin yon moun yo renmen nan kè yo nan menm nivo sa a.

Referans yo.

Sounna Ibn Majah (5/ 225) (4102).

Plis (7)

Karant (40) Hadith pa Al-Nawawi (ص118) (ح31).

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص73).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين (ص111).

الفوائد المستنبطة من الأربعين النووية.

للشيخ عبد الرحمن البراك (ص87).

الأحاديث الأربعون النووية وعليها الشرح الموجز المفيد.

لعبد الله بن صالح المحسن (1/61).