Skip to content

Pa gen anyen ki pi onorab nan zye Allah Toupwisan an pase doua (lapriyè/envokasyon).

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

Pa gen anyen ki pi onorab (pi presye) devan Bondye Toupwisan an pase doua (lapriyè oswa envokasyon).

«لَيْسَ شَيْءٌ أَكْرَمَ عَلَى اللهِ تَعَالَى مِنَ الدُّعَاءِ».

Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) montre ke pa gen anyen nan adorasyon yo ki pi bon nan devan Allah Toupwisan an pase doua (lapriyè/envokasyon); paske ladan li, gen rekonesans pou richès Allah (tout pwisans li), epi rekonesans pou feblès sèvitè a ak bezwen li genyen pou li.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Merit doua (lapriyè) a gwo. Nenpòt moun ki fè doua bay Allah ,li montre jan li respektel. Li rekonèt Allah se Sila a ki posede tout bagay, paske yo pa priye yon moun ki pòv. Li rekonèt Allah se Sila a ki tande tout bagay, paske yo pa priye yon moun ki soud. Li rekonèt Allah trè jenere (li renmen bay), paske yo pa priye yon moun ki chich(ki pa renmen pataje). Li rekonèt Allah se trè mizerikòd(gen kè sansib) , paske yo pa priye yon moun ki gen kè di. Li rekonèt Allah se Sila a ki gen tout pouvwa, paske yo pa priye yon moun ki enfim(Andikape). Li rekonèt Allah touprè, paske moun ki lwen pa ka tande. Sa montre tou lòt bèl kalite majeste ak pèfeksyon ki pou Allah Toupwisan an.

Referans yo.

Sounna At-Tirmidhi (5/ 385) (3370).

Sounna Ibn Majah (5/ 6) (3829).

Mousnad Ahmad (14/ 360) (8748).

Plis (8)

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (7/ 546).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 416).

فتح ذي الجلال والإكرام.

لابن عثيمين (6/ 481).

سبل السلام بشرح بلوغ المرام.

للصنعاني (2/ 707).