Lè yon moun antre lakay li, epi li pwononse non Allah lè lap antre ak lè lap manje, Satan di: "Pa gen kote pou nou pase nwit, ni pa gen manje aswè pou nou."
Bò kote Jabir ibn Abdullah (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), ke li te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di:
«Lè yon moun antre lakay li, epi li pwononse non Allah lè lap antre a ak lè lap manje a, Satan di: Nou pa jwenn kote pou nou pase nwit lan, ni manje aswè. Men, si li antre epi li pa pwononse non Allah lè lap antre a, Satan di: Nou jwenn kote pou nou pase nwit lan. Epi si li pa pwononse non Allah lè lap manje a, li di: Nou jwenn ni kote pou nou pase nwit lan, ni manje aswè.»
«إِذَا دَخَلَ الرَّجُلُ بَيْتَهُ، فَذَكَرَ اللهَ عِنْدَ دُخُولِهِ وَعِنْدَ طَعَامِهِ، قَالَ الشَّيْطَانُ: لَا مَبِيتَ لَكُمْ، وَلَا عَشَاءَ، وَإِذَا دَخَلَ، فَلَمْ يَذْكُرِ اللهَ عِنْدَ دُخُولِهِ، قَالَ الشَّيْطَانُ: أَدْرَكْتُمُ الْمَبِيتَ، وَإِذَا لَمْ يَذْكُرِ اللهَ عِنْدَ طَعَامِهِ، قَالَ: أَدْرَكْتُمُ الْمَبِيتَ وَالْعَشَاءَ».
Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te bay lòd pou mansyone non Allah lè yon moun ap antre nan kay epi anvan li manje; epi anverite, si li mansyone Allah lèl di: (Nan non Allah) nan moman lap antre lakay li ak lè lap kòmanse manje a, Satan di asistan li yo: Nou pap jwenn okenn plas pou pase nwit ni okenn mange nan kay sa a, kote mèt li pwoteje tèt li kont nou nan mansyone non Allah ki Trèwo a. Men, si yon moun antre nan kay li epi li pa pwononse non Allah lè li antre ni lè lap manje, Satan fè patizan li yo konnen yo jwenn kote pou yo pase nwit, ak manje aswè nan kay sa a.
...:
Li rekòmande pou moun pwononse non Allah lè yap antre nan kay epi lè yap manje, paske Satan pase nwit nan kay yo, epi li manje nan manje moun ki ladan yo si yo pa pwononse non Allah ki Trèwo a.
Satan ap veye pitit pitit Adan nan aksyon li, nan konpòtman li, ansanm ak nan tout zafè li yo. Konsa, lè moun nan neglije fè Zikr (rapèl Allah a), Satan rive atenn objektif li sou li.
Zikr chase Satan.
Chak Chaytan (Satan) gen patizan ak alye ki rejwi lè yo tande pawòl li, epi ki swiv lòd li.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1598) (2018).
Plis (8)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (2/ 50).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل المبارك (ص467).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (4/ 190).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 700).
Cited in books
3 BooksPlis (3)
- تحفة الأخيار تحفة الأخيار (ببيان جملة نافعة مما ورد في الكتاب والسنة من الأدعية والأذكار)«إِذَا دَخَلَ الرَّجُلُ بَيْتَهُ، فَذَكَرَ اللهَ عِنْدَ دُخُولِهِ وَعِنْدَ طَعَامِهِ، قَالَ الشَّيْطَانُ: لَا مَبِيتَ لَكُمْ، وَلَا عَشَاءَ، وَإِذَا دَخَلَ، فَلَمْ يَذْكُرِ اللهَ عِنْدَ دُخُولِهِ، قَالَ الشَّيْطَانُ: أَدْرَكْتُمُ الْمَبِيتَ
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 4«إذا دخل الرَّجُلُ بَيْتَهُ، فَذَكَرَ اللهَ عِنْدَ دُخُولِهِ وعِنْدَ طَعامِهِ، قال الشَّيْطَانُ لأصْحَابِهِ: لا مَبِيتَ لَكُم ولا عَشَاءَ، وإذَا دَخَلَ، فَلَمْ يَذْكُرِ اللهَ تعالىٰ عِنْدَ دُخُولِهِ، قال الشَّيْطَانُ: أَدْرَكْتُمُ المَبِيتَ
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (3)، والسيرة النبوية (3)التربية الإٍسلامية -3- «إِذَا دَخَلَ الرَّجُلُ بَيْتَهُ، فَذَكَرَ الله عِنْدَ دُخُولِهِ وَعِنْدَ طَعَامِهِ، قَالَ الشَّيْطَانُ: لَا مَبِيتَ لَكُمْ، وَلَا عَشَاءَ، وَإِذَا دَخَلَ، فَلَمْ يَذْكُرِ الله عِنْدَ دُخُولِهِ، قَالَ الشَّيْطَانُ: أَدْرَكْتُمُ الْمَبِيتَ،