Gen 2 kategori pami moun Lanfè yo mwen poko wè: yon gwoup moun ki gen fwèt tankou ke bèf yap bat moun avèk yo, ansanm ak yon gwoup fanm ki abiye men kòmsi yo toutouni, ki devye tèt yo soti nan chemen dwat la epi kap devye lòt moun tou.
Daprè Abu Hurayrah (se pou Allah satisfè ak li), li di: Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Gen 2 kategori pami moun Lanfè yo mwen poko wè: yon gwoup moun ki gen fwèt tankou ke bèf avèk yo, yap bat moun ak yo; ansanm ak fanm ki abiye men ki toutouni, kap devye tèt yo epi kap detounen lòt moun, tèt yo tankou bòs chamo ki panche sou kote. Yo pap antre nan Paradi a, ni yo pap jwenn sant li, byenke sant li kapab santi depi nan yon distans konsa ak konsa.»
«صِنْفَانِ مِنْ أَهْلِ النَّارِ لَمْ أَرَهُمَا، قَوْمٌ مَعَهُمْ سِيَاطٌ كَأَذْنَابِ الْبَقَرِ يَضْرِبُونَ بِهَا النَّاسَ، وَنِسَاءٌ كَاسِيَاتٌ عَارِيَاتٌ مُمِيلَاتٌ مَائِلَاتٌ، رُؤُوسُهُنَّ كَأَسْنِمَةِ الْبُخْتِ الْمَائِلَةِ، لَا يَدْخُلْنَ الْجَنَّةَ، وَلَا يَجِدْنَ رِيحَهَا، وَإِنَّ رِيحَهَا لَيُوجَدُ مِنْ مَسِيرَةِ كَذَا وَكَذَا».
Pwofèt la (sallalahu alayhi wa sallam) ap avèti kont 2 kategori moun pami moun Lanfè yo li pat wè, epi ki pat egziste nan epòk li a, men kap vin egziste aprèl: Premye kategori a: Se yon gwoup moun ki gen fwèt nan men yo ki long tankou ke bèf, yap bat moun ak yo; moun sa yo se polisye ak asistan moun kap fè lenjistis yo, kap bat moun san okenn dwa. Epi dezyèm kategori a: se fanm ki retire rad diyite (chaste) ak modesti (pudè) ki se nati natirèl yon fi an jeneral. Epi deskripsyon yo se: yo abiye an reyalite, men yo touni nan siyifikasyon an; paske yo mete rad ki fen ki montre po yo, epi yo kouvri yon pati nan kò yo pandan yo dekouvri yon lòt; nan objektif pou yo ekspoze bèlte yo, Yap atire kè gason sou yo pa mwayen abiman yo ak fason yap mache ak awogans, yap panche zepòl yo, epi yap rale lòt fanm nan devyasyon ak egareman yo menm yo twouve yo ladan li an, Epi pami karakteristik yo: tèt yo tankou bos chamo ki panche, konsa yo ogmante gwosè tèt yo epi yo fè yo parèt pi gwo lè yo vlope moso twal oswa lòt bagay ki sanble ak sa, Epi konparezon ak bòs chamo yo, se sèlman poutèt wotè cheve yo ak très yo anwo tèt yo, ak jan yo pliye nan sa yo trese a, jouk li panche sou yon bò nan tèt la, menm jan bòs chamo a panche. Epi pou fi ki gen kalite sa yo; gen gwo menas sa a sou yo ke yo pap antre nan Paradi a, yo pap jwenn sant li, ni yo pap pwoche bò kotel, epi yo jwenn sant Paradi a epi yo pran sant li depi nan yon distans ki byen lwen.
...:
Entèdiksyon pou bat moun ak fè yo mal san yo pa fè okenn peche oswa komèt okenn fòt.
Konsidere kòm bagay ki entèdi (haram) ede moun kap fè lenjistis yo nan lenjistis yo a.
Avèti medam yo kont abiye ak rad ki gen dekorasyon, manke kouvri kò yo kòmsadwa, ak mete rad ki sere epi transparan ki montre oswa ki trase fòm "Awrah" (pati ki dwe rete kache) a.
Ankouraje fanm mizilman an pou li respekte kòmandman Allah yo, epi pou li rete lwen sa ki pwovoke kòlè Li epi ki fè li merite chatiman ki fè mal epi kap dire pou tout tan nan Lòt mond lan (Akhirah).
Hadith la se pami prèv pwofesi li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), kote li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te enfòme sou bagay kache ki potko rive, epi yo rive jan li te di a.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1680) (2128).
Plis (8)
نزهة المتقين.
لمجموعة من الباحثين (2/ 1122).
بهجة الناظرين.
لسليم الهلالي (3/ 150).
مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.
لعلي القاري (6/ 2302).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (6/ 370).
Cited in books
4 BooksPlis (4)
- الخطب المنبرية موسوعة الخطب المنبرية (القسم الثاني)«صِنْفَانِ مِنْ أَهْلِ النَّارِ لَمْ أَرَهُمَا: قَوْمٌ مَعَهُمْ سِيَاطٌ كَأَذْنَابِ الْبَقَرِ يَضْرِبُونَ بِهَا النَّاسَ، وَنِسَاءٌ كَاسِيَاتٌ عَارِيَاتٌ مُمِيلَاتٌ مَائِلَاتٌ رُؤُوسُهُنَّ كَأَسْنِمَةِ الْبُخْتِ الْمَائِلَةِ، لَا يَدْخُلْنَ
- مجموعة زاد الحديث(2)1«صنفان من أهل النار لم أرهما، ومنهما: ونساء كاسيات عاريات مميلات مائلات، رؤوسهن كأسنمة البُخْت المائلة، لايدخلن الجنة ولا يجدن ريحها، وإن ريحها ليوجد من مسيرة كذا وكذا».
- محرمات استهان بها كثير من الناسصِنفان من أهل النار لم أرهما: قوم معهم سياط كأذناب البقر يضربون بها الناس، ونساء كاسيات عاريات مميلات مائلات رؤوسهن كأسنمة البخت المائلة، لا يدخلن الجنة ولا يجدن ريحها وإن ريحها ليوجد من مسيرة كذا وكذا
- مختصر الجواب الصحيح لمن بدل الدين المسيح5(صِنْفَانِ مِنْ أَهْلِ النَّارِ لَـمْ أَرَهُمَا بَعْدُ: قَوْمٌ مَعَهُمْ سِيَاطٌ كَأَذْنَابِ الْبَقَرِ يَضْـرِبُونَ بِهَا النَّاسَ، وَنِسَاءٌ كَاسِيَاتٌ عَارِيَاتٌ، مَائِلَاتٌ مُمِيلَاتٌ، رُءُوسُهُنَّ كَأَسْنِمَةِ الْبُخْتِ الْمائِلَةِ، لَا