Nenpòt moun ki manje yon manje epi li di: «Tout lwanj pou Allah, Limenm ki ban mwen manje sa a, epi ki fèm jwenn li kòm pwovizyon, san okenn pouvwa ni okenn fòs ki soti nan mwen», yap padone li peche li te fè anvan yo.
Daprè Sahl Ibn Mu’adh Ibn Anas, ki rapòte sa papal te di: Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Nenpòt moun ki manje yon manje epi li di: Lwanj pou Allah ki ban mwen manje sa a, epi ki ban mwen li kòm pwovizyon san okenn pouvwa ak fòs ki soti nan mwen, yap padonnen li peche li te fè anvan yo.»
«مَنْ أَكَلَ طَعَامًا فَقَالَ: الحَمْدُ لِلَّهِ الَّذِي أَطْعَمَنِي هَذَا وَرَزَقَنِيهِ مِنْ غَيْرِ حَوْلٍ مِنِّي وَلاَ قُوَّةٍ، غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ankouraje nenpòt moun ki fin manje pou li remèsye Allah,paske mwen pa gen okenn pouvwa poum jwenn manje a, ni poum manje li si se pa gras ak Allah Toupwisan an ak èd li. Aprèsa, Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te bay nenpòt moun ki di sa bòn nouvèl, ke li merite pou Allah padone li ti peche li yo ki te pase.
Li rekòmande pou remèsye Allah Toupwisan an lè yon moun fin manje.
Eksplikasyon sou gwo favè Allah, ki Trèwo a, anvè sèvitè li yo, kote Li ba yo pwovizyon, Li fasilite mwayen pou yo jwenn sibzistans, epi Li fè sa tounen yon mwayen pou efase move zak yo.
Tout zafè sèvitè yo soti nan Allah ki gen pouvwa ak majeste a , epi se pa avèk pwòp fòs ak pouvwa pa yo, epi sèvitè a gen lòd pou li pran mwayen ki nesesè yo.
Sounna At-Tirmidhi (5/ 452) (3458).
Sounna Abou Dawoud (6/ 138) (4023).
Sounna Ibn Majah (4/ 417) (3285).
Mousnad Ahmad (24/ 394) (15632).
Plis (6)
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
مجموعة من الباحثين (1/ 602).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
للهلالي (2/ 54).
تاج العروس من جواهر القاموس.
للزبيدي (28/ 366).
Cited in books
4 BooksPlis (4)
- الذكر والدعاء والعلاج بالرقي من الكتاب والسنة"من أكل طعاماً فقال: الحمد لله الذي أطعمني هذا، ورزقنيه من غير حول مني ولا قوةٍ، غفِرَ له ما تقدم من ذنبه" .
- تحفة الأخيار تحفة الأخيار (ببيان جملة نافعة مما ورد في الكتاب والسنة من الأدعية والأذكار)«مَنْ أَكَلَ طَعَامًا فَقَالَ: الحَمْدُ لِلَّهِ الَّذِي أَطْعَمَنِي هَذَا وَرَزَقَنِيهِ مِنْ غَيْرِ حَوْلٍ مِنِّي وَلَا قُوَّةٍ، غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ» [80]
- رسالة في الأذكار1«مَنْ أَكَلَ طَعَامًا فَقَالَ: الحَمْدُ للهِ الَّذِي أَطْعَمَنِي هَذَا وَرَزَقَنِيهِ مِنْ غَيْرِ حَوْلٍ مِنِّي وَلَا قُوَّةٍ غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ لَهُ مِنْ ذَنْبِهِ».
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 4«مَنْ أَكَلَ طَعَاماً فَقَالَ: الحَمْدُ لله الَّذِي أَطْعَمَنِي هذا الطَّعَامَ، وَرَزَقَنِيهِ مِنْ غَيْرِ حَوْلٍ مِنِّي وَلا قُوَّةٍ، غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ».