Skip to content

Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) se te moun ki pi jenere pami tout moun, epi li te konn pi jenere toujou nan mwa Ramadan lè Jibril te konn rankontre li.

Bò kote Ibn Abbas, ke Allah satisfè avèk yo tou le 2, li te di:

Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) se te moun ki pi jenere pami tout moun, epi li te konn pi jenere toujou nan mwa Ramadan lè Jibril te konn rankontre li. Epi li te konn rankontre li chak nwit nan mwa Ramadan epi li te konn etidye Koran an avèk li. Konsa, Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn pi jenere nan fè sa ki byen pase yon van ki lage ap soufle.

كَانَ رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ أَجْوَدَ النَّاسِ، وَكَانَ أَجْوَدُ مَا يَكُونُ فِي رَمَضَانَ حِينَ يَلْقَاهُ جِبْرِيلُ، وَكَانَ يَلْقَاهُ فِي كُلِّ لَيْلَةٍ مِنْ رَمَضَانَ فَيُدَارِسُهُ القُرْآنَ، فَلَرَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ أَجْوَدُ بِالخَيْرِ مِنَ الرِّيحِ المُرْسَلَةِ.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) se te moun ki te pi renmen bay nan mitan tout moun, epi li te konn bay plis toujou pandan mwa Ramadan an, kote li te konn bay sa ki nesesè a moun ki merite li. Te gen 2 rezon prensipal ki te fè jenerozitel ogmante konsa: Premye a: Rankont li avèk Jibril (lapè sou li). Epi lòt pwen an: etid Coran an, ki se lekti pa kè. konsa Jibril (lapè sou li) te konn revize avè li tout sa ki te fin desann nan Koran an. Epi an verite, Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te pi jenere, li te bay plis, li te fè plis byen, e li te pote byenfè bay kreyati yo pi vit pase yon bon van Allah voye ak lapli ansanm ak mizèrikòd.

Pami benefis Hadith la

Esplikasyon sou jan Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn bay ak tout kè li ansanm ak gwo jenerozite li, espesyalman nan mwa Ramadan, paske se mwa zak obeyisans yo ak sezon pou fè sa ki byen.

Ankouraje moun pou yo gen jenerozite nan tout tan, epi li rekòmande pou yo miltipliye sa pandan mwa Ramadan an.

Miltipliye don, jenewozite, ak bon aksyon, epi li Koran an pandan mwa Ramadan an.

Pami mwayen pou prezève konesans lan, se etidye li ansanm avèk etidyan yo ak savan yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 8) (6).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1803) (2308).

Plis (8)

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (5/ 275).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

مجموعة من الباحثين (2/ 870).

بهجة الناظرين.

لسليم الهلالي (2/ 364).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين.