Anverite, Allah ekri bèl(bon) aksyon yo ak move aksyon yo, epi li eksplike sa.
Daprè Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou le 2), bò kote Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan sa li rapòte de Senyè li a (Beni e Egzalte), li te di:
«Anverite, Allah ekri bèl aksyon yo ak move aksyon yo, aprèsa Li eksplike sa, donk, moun ki gen entansyon fè yon bèl aksyon men li pa fèl; Allah ekri pou li yon bèl aksyon konplè, epi si li gen entansyon fèl epi li fèl; Allah ekri pou li 10 bèl aksyon jiska 700 fwa plis, e menm anpil lòt fwa ankò, epi si li gen entansyon fè yon move aksyon men li pa fèl; Allah ekri pou li yon bèl aksyon konplè, epi si li gen entansyon fèl epi li fèl; Allah ekri pou li yon sèl move aksyon».
«إنَّ اللهَ كَتَبَ الحَسَنَاتِ وَالسَّيِّئَاتِ، ثُمَّ بَيَّنَ ذَلِكَ، فَمَنْ هَمَّ بِحَسَنَةٍ فَلَمْ يَعْمَلْهَا؛ كَتَبَهَا اللهُ عِنْدَهُ حَسَنَةً كَامِلَةً، وَإِنْ هَمَّ بِهَا فَعَمِلَهَا؛ كَتَبَهَا اللهُ عِنْدَهُ عَشْرَ حَسَنَاتٍ إلَى سَبْعِمِائَةِ ضِعْفٍ إلَى أَضْعَافٍ كَثِيرَةٍ، وَإِنْ هَمَّ بِسَيِّئَةٍ فَلَمْ يَعْمَلْهَا؛ كَتَبَهَا اللهُ عِنْدَهُ حَسَنَةً كَامِلَةً، وَإِنْ هَمَّ بِهَا فَعَمِلَهَا؛ كَتَبَهَا اللهُ سَيِّئَةً وَاحِدَةً».
Mesaje a (Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) esplike ke Allah fikse bon aksyon yo ak move aksyon yo, epi apre sa Li montre 2 zanj yo kòman pou yo ekri yo: Konsa, moun ki vle, ki gen entansyon, epi ki detèmine pou li fè yon bon aksyon, yo ekri pou li yon sèl bon aksyon menm si li pa fèl. Men si li fèl, yo miltipliye li pa 10 jiska 700 fwa plis, e menm anpil lòt fwa ankò. Epi ogmantasyon sa a depann de nivo senserite ki nan kè a, fason benefis la gaye sou lòt moun, ak lòt bagay konsa. Epi, moun ki vle, ki gen entansyon, epi ki detèmine pou li fè yon move aksyon, apre sa li kite li poutèt Allah, yo ekri pou li yon bon aksyon. Men si li kite li paske li te okipe nan fè lòt bagay san li pa pran okenn mwayen pou l reyalize l, yo pa ekri anyen pou li. Epi si li kite li paske li pa gen kapasite pou l fèl, yo ekri entansyon li a sou kont li. Men si li fèl, yo ekri pou li yon sèl move aksyon.
Hadis sa a se pami sa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) rapòte ki soti nan Seyè li a, epi yo relel Hadis Qudsi oswa Hadith Divin. Se yon pawòl kote ni mo yo ni sans lan soti nan men Allah, sepandan li pa genyen karakteristik Koran an genyen ki fèl distenge de tout lòt bagay yo, tankou adorasyon atravè resitasyon li, pirifikasyon pou li, defi a, karaktè inimitab (mirak) li a, ansanm ak lòt bagay ankò.
Konfime (aksepte) ke Allah ki anwo nan syèl la ekri sa yo fè ki byen (Hasanat) ak sa yo fè ki mal (Sayyi'at), epi aprèsa, Li esplike sa klè bay sèvitè li yo pou yo ka konnen sa, epi pou yo ka wè klè nan zafè yo. Konsa pou yo ka obeyi lòd Li epi evite sa Li entèdi yo, sou yon gidans ki soti nan Senyè yo a.
Esplikasyon sou gwo benediksyon Allah Granmèt la pou nasyon sa a, nan fason Li ekri bèl aksyon yo epi Li miltipliye yo, epi Li pa ekri move aksyon yo eksepte apre yon moun fin fè yo, epi Li ekri sa kòm yon sèl move aksyon.
Ogmantasyon an nan miltipliye bèl aksyon yo depann sou nivo senserite ki nan kè a, byenfè ki rive jwenn lòt moun, ak lòt bagay konsa, konsa Allah miltipliye yo gras avèk mizèrikòd Li ak favè Li.
Esplikasyon favè ki rezève pou sèvitè a lè li kite move zak la epi li abandone plezi li, epi li kite dezi li poutèt Mèt li (ki gen tout pouvwa a), ak dezi pou rekonpans li epi ak krentif pou chatiman li.
Pami byenveyans Allah Granmèt la anvè kominote a, se lè li fè bon aksyon li yo vin plizyè fwa plis pou li, epi li pa fè move aksyon li yo vin plizyè fwa plis.
Zanj yo ekri tout zèv yo, kit se zèv ki fèt nan kè, kit se zèv ki fèt ak manm kò yo.
Sahih Al-Bukhari (8/ 103) (6491).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 118) (131).
Plis (7)
التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص85).
شرح الأربعين النووية.
لابن عثيمين (ص368).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.
للعباد (ص125).
فتح الباري.
لابن حجر (11/ 324).