Skip to content

Byenfè (Al-Birr) se bon karaktè (bon konpòtman), epi peche se sa kap twouble konsyans ou (sa kap grate kèw), epi ou pa ta renmen moun wè sa.

Daprè An-Nawwas ibn Sim'an al-Ansari, ke Allah satisfè avèk li, li te di:

Mwen te mande Mesaje Allah (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) sou sa ki byen (Al-Birr) ak sa ki peche (Al-Ithm). Li te reponn: 'Byenfè se bon karaktè, epi peche se sa kap twouble konsyans ou (sa kap grate kèw), epi ou pa ta renmen moun wè sa'."

سَأَلْتُ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ عَنِ الْبِرِّ وَالْإِثْمِ، فَقَالَ: «الْبِرُّ حُسْنُ الْخُلُقِ، وَالْإِثْمُ مَا حَاكَ فِي صَدْرِكَ، وَكَرِهْتَ أَنْ يَطَّلِعَ عَلَيْهِ النَّاسُ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Lè yo te poze Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kesyon sou 'Bonte (Al-Birr) ak 'Peche' (Al-Ithm), li te di: Pi gwo kalite byenfè a se bon karaktè: bon karaktè avèk Allah atravè krentif pou li (taqwa), ak bon karaktè avèk kreyati yo atravè pasyans kont sa ki fè mal, kontwole kòlè, gen yon figi souri, pale dous, kenbe lyen fanmi ak zanmi, obeyisans, jantiyès, byenfè, bon fason viv ansanm, ak bon konpayi. Kanta pou peche a, se sa kap twouble konsyans ou (sa kap grate kèw), sa ki fèw ezite paske kè ou pa anpè avèk li. Li lakòz dout ak laperèz nan kèw paskew sispèk se yon fot, epi ou pa ta renmen moun wè wap fè li paske ou konnen li lèd devan zye moun ki gen bon konprann ak moun ki gen respè. Sa rive paske, pa natil, yon moun renmen montre lòt moun bon aksyon li yo; kidonk, siw pè pou moun pa wè kèk nan aksyon ou yo, se paske se yon peche ki pa gen anyen bon ladan li.

Pami benefis Hadith la

Ankouraje moun pou yo genyen bèl kalite moral; paske bon konpòtman se youn nan pi gwo kalite ki genyen nan fè byen.

Kwayan an pa ka konfonn verite a ak sa ki fo a, okontrè, li rekonèt verite a gras ak limyè ki nan kè li a, epi li vire do bay sa ki fo a, konsa li rejete li.

Pami siy peche yo, gen ajitasyon ak boulvèsman nan kè a, ansanm ak laperèz pou moun pa wè wap fèl.

Al-Sindi di: 'Sa a konsène bagay ki pa klè (sa ki gen dout ladan yo), kote moun pa konnen si se yon bon bagay oswa yon move bagay. Men, pou sa ki deja klè nan lwa relijyon an (Charia) depi pa gen okenn prèv ki di kontrè a ,se sa ki konsidere kòm 'Al-Birr' (byenfè). Konsa tou, sa ki deja entèdi klèman se peche. Nan ka sa yo sa ki deja klè, pa gen bezwen pou moun al mande konsyans li si li anpè oswa si li pa anpè (paske lalwa a deja klè).

Moun yo adrese nan hadis sa a, se moun ki gen yon konsyans (fitra) ki an sante e ki dwat, se pa moun ki gen kè yo ki kòwonpi, ki pa konnen sa ki byen e ki pa rejte sa ki mal, sof si se sa yo vle kwè ki baze sou dezi pèsonèl yo.

At-Tayyibi te di: Yo fè konnen yo entèprete mo byen an nan adis la nan plizyè sans diferan. Konsa, li entèprete li nan yon kote kòm sa ki bay nanm nan trankilite ak sa ki fè kè a poze, li entèprete li nan yon lòt kote kòm lafwa, nan yon lòt kote kòm sa kap raprochew de Allah, epi isit la, kòm bon konpòtman. Epi, li esplike bon konpòtman kòm: kapasite pouw sipòte mal moun fèw, fè mwens kòlè, gen yon figi ki toujou akeyan, ansanm ak di bèl pawòl. Epi tout esplikasyon sa yo gen yon sans ki trè pwòch youn ak lòt.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1980) (2553).

Plis (5)

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية التحفة الربانية (ص62).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص267).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

للنووي وابن رجب رحمهما الله (ص92).