Skip to content

Sètènman, Allah padone kominotem nan pou mwen, pou sa yo fè pa erè, sa yo bliye, ak sa yo fòse yo fè.

Daprè Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Sètènman, Allah padone kominote mwen an poutèt mwen pou sa yo fè pa erè, sa yo bliye, ak sa yo te fòse yo fè.»

«إنَّ اللَّهَ تَجَاوَزَ لِي عَنْ أُمَّتِي الخَطَأَ وَالنِّسْيَانَ وَمَا اسْتُكْرِهُوا عَلَيْهِ».

Rapòte pa Ibn Majah ak Al-Bayhaqi, ak lòt moun ankò
« An-Nawawi te di: Se yon hadis ki bon (Hassan). »
Esplikasyon an

Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), fè konnen ke Allah padone kominote li a nan 3 sitiyasyon: Premye pwen an se: Erè a, ki se sa ki soti nan yo san entansyon, kote yon Mizilman gen entansyon pou li fè yon bagay atravè aksyon lap poze a, epi aksyon li an rive tonbe sou yon lòt bagay ki pa sa li te gen entansyon an. Epi dezyèm pwen an: Oubli, se lè Mizilman an sonje yon bagay, men li bliyel lè lap fèl, donk pa gen peche nan sa tou. Epi twazyèm pwen an se: Kontrent (lè yo fòse moun nan); paske yo ka fòse sèvitè a fè yon bagay li pa vle, sanl pa gen kapasite poul repouse fòs sa a, epi nan ka sa a li pa gen peche oswa blam sou li. Fòk nou note ke sijè adis la trete relasyon ant sèvitè a ak Mèt li a lè li fè sa ki entèdi a, men kanta pou lè li kite sa yo te kòmandel la paske li bliye, sa pa anile; epi si aksyon li fèl la ta lakòz yon dega, dwa kreyati a pa anile, tankou si li ta touye yon moun pa erè, li oblije peye sa oswa si li ta domaje yon machin pa erè, li dwe peye dedomajman an.

Pami benefis Hadith la

Lajè mizèrikòd Allah Toupwisan an ak bonte li anvè sèvitè li yo, kote li retire peche a sou yo lè yo rive komèt yon dezobeyisans nan 3 sitiyasyon sa yo.

Favè Allah sou Pwofèt Muhammad (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li) ak sou kominote li a.

Retire peche a pa vle di retire jijman an oswa responsablite a, pa egzanp moun ki bliye fè woudou, epi li fè lapriyè pandan li panse li pirifye, li pa gen peche pou sa, men li oblije fè woudou epi refè lapriyè a.

Fòk kondisyon yo ranpli pou wete peche a nan ka kote se fòse yo fòse moun nan, tankou pou moun kap fòse a kapab egzekite sa li menase a.

Referans yo.

Sounna Ibn Majah (3/ 200) (2045).

As-Sounna Al-Kubra pa Al-Bayhaqi (7/ 584) (15094).

Plis (5)

Karant (40) Hadith pa Al-Nawawi (ص127) (ح39).

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية.

لإسماعيل الأنصاري (ص89).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص382).