Skip to content

Moun ki fè lapriyè devanjou (fajr) la, li anba pwoteksyon Allah.

Daprè Jundub ibn Abdullah al-Qasri (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

« Nenpòt moun ki fè lapriyè maten an (Salat Al_faj), li anba pwoteksyon Allah. Donk, pa kite Allah mande nou kont pou okenn vyolasyon pwoteksyon Li a, paske nenpòt moun senyè toupwisan an ta mande kont, Li ap jwenn li, epi lap voye li jete tèt anba nan dife lanfè a. »

«مَنْ صَلَّى صَلَاةَ الصُّبْحِ فَهُوَ فِي ذِمَّةِ اللهِ، فَلَا يَطْلُبَنَّكُمُ اللهُ مِنْ ذِمَّتِهِ بِشَيْءٍ، فَإِنَّهُ مَنْ يَطْلُبْهُ مِنْ ذِمَّتِهِ بِشَيْءٍ يُدْرِكْهُ، ثُمَّ يَكُبَّهُ عَلَى وَجْهِهِ فِي نَارِ جَهَنَّمَ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) fè konnen ke moun ki fè lapriyè devanjou a (fajr), li nan pwoteksyon Allah, anba siveyans Li ak sekirite Li, lap defann li, epi lap ba li viktwa. Aprèsa li menm (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te avèti pou yo pa kase angajman (kontra) sa a epi anilel, swa lè yon moun abandone lapriyè maten an, oswa lè li atake moun kap fèl la epi li fèl agresyon; paske nenpòt moun ki fè sa, se sèten li vyole pwoteksyon sa a, epi li merite avètisman ki rèd la, kote Allah ap pouswiv li pou sa li te neglije nan dwa Li, epi nenpòt moun Allah pouswiv, lap mete men sou li, aprèsa lap jete li fas anba nan lanfè.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Eksplikasyon sou enpòtans ak vèti lapriyè Fajr la.

Yon avètisman sevè kont nenpòt moun ki ta eseye fè mal oswa maltrete yon moun ki fè lapriyè fajar (maten an).

« Vanjans Allah (ki gen tout pouvwa a) sou moun ki maltrete sèvitè jis Li yo. »

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 454) (657).

Plis (6)

المعجم الأوسط (4/ 5) (3464).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين (1/ 249).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 561).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 323).