Vrèmanvre, ou poze yon kesyon sou yon gwo zafè (yon bagay ki gran anpil), men an reyalite, li fasil pou moun Allah rann li fasil pou li a.
Soti bò kote Mou'az ibn Jabal (ke Allah satisfè avèk li), li te di: Mwen te di: O Mesaje Allah! Fèm konnen yon zèv kap fèm antre nan Paradi a epi kap elwaye mwen lwen Dife a, li te di:
«Ou poze kesyon sou yon gwo bagay, epi li vrèman fasil pou moun Allah fèlnfasil pou li: se pouw adore Allah san ou pa asosye okenn bagay avèl, pouw akonpli Lapriyè obligatwa yo, pouw bay Zakat la, pouw jene Ramadan, epi pouw fè Hajj nan lamèk la. Aprèsa li di: Èskem pa dwe montre ou pòtay byen yo? Jèn nan se yon pwoteksyon, lacharite etenn peche menm jan dlo etenn dife, ak lapriyè yon moun nan mitan lannwit. Aprèsa, li resite: {Kò yo kite kabann yo} jiskaske li rive {sa yo te konn fè}. Aprèsa li di: Èskem pa dwe enfòme ou sou sak pi enpotan an , poto mitan li, ak pwent tèt li? Mwen te di: Wi, O Mesaje Allah. Li di: Tèt zafè a se Islam, poto mitan li se Lapriyè, epi pwent tèt li se Jihad. Aprèsa li di: Èskem pa dwe enfòme ou sou sa ki kenbe tout sa yo ansanm? Mwen te di: Wi, O Mesaje Allah! Lè sa a, li kenbe lang pal la epi li di: Kontwole sa a pou ou. Mwen di: O Pwofèt Allah! Èske yap rann nou kont pou sa nou ap pale? Li di: Se pou manman ou pèdi ou! Èske gen lòt bagay ki lage moun fas atè oubyen li te di: sou nen yo – esepte rekolt lang yo?»!
«لَقَدْ سَأَلْتَ عَنْ عَظِيمٍ، وَإِنَّهُ لَيَسِيرٌ عَلَى مَنْ يَسَّرَهُ اللَّهُ عَلَيْهِ: تَعْبُدُ اللَّهَ لَا تُشْرِكُ بِهِ شَيْئًا، وَتُقِيمُ الصَّلَاةَ، وَتُؤْتِي الزَّكَاةَ، وَتَصُومُ رَمَضَانَ، وَتَحُجُّ البَيْتَ، ثُمَّ قَالَ: أَلَا أَدُلُّكَ عَلَى أَبْوَابِ الخَيْرِ، الصَّوْمُ جُنَّةٌ، وَالصَّدَقَةُ تُطْفِئُ الْخَطِيئَةَ كَمَا يُطْفِئُ المَاءُ النَّارَ، وَصَلَاةُ الرَّجُلِ مِنْ جَوْفِ اللَّيْلِ، ثُمَّ تَلَا: {تَتَجَافَى جُنُوبُهُمْ عَنِ الْمَضَاجِعِ} حَتَّى {بَلَغَ يَعْمَلُونَ}، ثُمَّ قَالَ: أَلَا أُخْبِرُك بِرَأْسِ الأَمْرِ وَعَمُودِهِ وَذِرْوَةِ سَنَامِهِ، فَقُلْتُ: بَلَى يَا رَسُولَ اللَّهِ، قَالَ: رَأْسُ الأَمْرِ الإِسْلَامُ، وَعَمُودُهُ الصَّلَاةُ، وَذِرْوَةُ سَنَامِهِ الجِهَادُ، ثُمَّ قَالَ: أَلَا أُخْبِرُك بِمِلَاكِ ذَلِكَ كُلِّهِ، فقُلْت: بَلَى يَا رَسُولَ اللَّه! فَأَخَذَ بِلِسَانِهِ وَقَالَ: كُفَّ عَلَيْك هَذَا، قُلْت: يَا نَبِيَّ اللَّهِ! وَإِنَّا لَمُؤَاخَذُونَ بِمَا نَتَكَلَّمُ بِهِ، فَقَالَ: ثَكِلَتْكَ أُمُّكَ وَهَلْ يَكُبُّ النَّاسَ عَلَى وُجُوهِهِمْ أَوْ قَالَ عَلَى مَنَاخِرِهِمْ إلَّا حَصَائِدُ أَلسِنَتِهِمْ»!
Mou'az (ke Allah satisfè avèk li) te di: "Mwen te ansanm avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan yon vwayaj, epi yon jou maten mwen te vin touprè li pandan nou tap vwayaje a. Epi mwen di: 'O Mesaje Allah, fèm konnen yon zèv kap fè mwen antre nan Paradi epi kap elwanyem de Dife a.' Li di: 'Sètènman, ou poze m kesyon sou yon gwo bagay ki lou pou nanm yo, epi vreman li byen fasil pou moun Allah rann li fasil pou li a; akonpli obligasyon Islam yo:'" Premye a: Adore Allah li menm sèl epi pa asosye anyen avèk Li. Dezyèmman: Fè 5 priyè obligatwa yo pandan jounen an ak lannwit lan: Fajr, Dhuhr, Asr, Maghrib, ak Isha, avèk kondisyon li yo, pilye li yo, ak devwa li yo. Twazyèm pilye a: Bay Zakat ki obligatwa a, ki se yon adorasyon obligatwa ki fèt ak lajan (oswa byen) sou tout richès ki rive nan yon kantite ki espesifik daprè lalwa Islamik, pou bay moun ki gen dwa resevwa li yo. Katriyèm pilye a: Fè jèn nan mwa Ramadan, ki se rete san ou pa manje, san ou pa bwè, epi evite tout lòt bagay ki ka gate jèn nan, ak entansyon pou adore Allah, depi lè douvanjou parèt (Fajr) jouk lè solèy la kouche (Maghrib). Senkyèm pilye a: Ale fè Pèlerenaj (Hajj) nan Kay la, pandan wap fè vwayaj pou ale Lamèk pouw ka akonpli seremoni (rityèl) yo, pou adore Allah Toupwisan an. Aprèsa li di, ke lapè ak benediksyon Allah sou li: Èske mwen pa ta fèw konnen chemen ki mennen nan pòt byen yo? Epi sa se lèw fè obligasyon sa yo swiv ak zèv volontè yo: Premyèman: Jèn volontè a, ki anpeche yon moun tonbe nan peche paske li kase dezi a (tantasyon) epi li afebli fòs kò a ki pousel nan sa ki mal. Dezyèmman: Sadaka (Lacharite) volontè a etenn peche a aprè yon moun fin komèt li, li retire li, epi li efase tras li. Twazyèmman: Lapriyè Tahajjud nan dènye tyè nwit la. Aprèsa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te li. Men sa senyè toupwisan an ki anwo nan syèl la di nan vèsè sa yo: {Kò yo rete lwen} sa vle di: yo rete lwen {kabann yo} sa vle di: kote yo dòmi an, {yap priye Senyè yo a} nan fè lapriyè, nan fè zikr, nan lekti Koran an, ak nan fè douya, {avèk krentif ak espwa, epi yo depanse nan sa Nou ba yo kòm pwovizyon. Konsa, pa gen okenn nanm ki konnen ki lajwa ki kache pou yo} sa vle di: bèl plezi ki pral fè zye yo kontan nan Jou Jijman an ak nan Paradi a, {kòm rekonpans pou sa yo te konn fè.} Aprèsa, li (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: "Èske mwen pa palew sou fondasyon relijyon an? ak poto mitan li ke li chita sou li a? ak pwen ki pi wo nan tèt li?" Mou'az (ke Allah satisfè avèk li) te di: Wi, O Mesaje Allah a. Pwofèt la di: «Baz (tèt) tout bagay se Islam, ki se 2 temwayaj yo, epi avèk yo moun nan vin posede baz relijyon an. Poto mitan li se Lapriyè, donk pa gen Islam san lapriyè, menm jan pa kapab genyen yon kay san poto. Kidonk, moun ki fè lapriyè relijyon li vin djanm epi li elve; epi pwen ki pi wo nan tèt li ak elevasyon li se ak Jihād (batay/efò) ansanm ak fè tout efò nan konbat lènmi relijyon yo pou elve pawòl Allah a.» Aprèsa, li di (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Èskem pa dwe fèw konnen sa ki asire epi ki pèfeksyone tout sa ki sot pase yo? Lè sa a, li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kenbe lang li, epi li di: Kontwole sa a, epi pa pale sou sa ki pa konsènew. Mou'az di: Èske Seyè nou an ap rann nou responsab, lap mande nou kont epi lap pini nou pou tout sa nap di?! Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Se pou manman ou pèdi ou!» Sa pa vle di li tap fè yon move priyè kont li, men pito se nan fason Arab yo pale pou atire atansyon li sou yon bagay li te dwe veye sou li epi konnen li. Aprèsa, li di: «Èske gen lòt bagay ki lage moun epi fè yo tonbe sou figi yo nan dife a, pase sa lang yo rekòlte nan mekrèyans, fo akizasyon, joure, pale moun mal, fè tripotay, fè manti sou moun, ak lòt bagay ki sanble ak sa yo?»
Konpayon yo (ke Allah satisfè avèk yo) te gen anpil devouman pou konesans, se poutèt sa yo te konn poze Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah sou li) anpil kesyon sou sa.
Bon konpreyansyon (sajès) Konpayon yo (ke Allah satisfè ak yo), paske yo te konnen ke zèv yo (aksyon moun fè) se yon mwayen pou antre nan Paradi.
Kesyon ki te soti nan Muadh (se pou Allah kontan avèl) la se yon gwo kesyon ; paske an reyalite, se li menm ki sekrè lavi a ak egzistans lan. Konsa, tout sa ki egziste nan mond sa a, pami pitit Adan yo oswa pami djinn yo, destinasyon final li se swa Paradi oswa Lanfè, epi se poutèt sa kesyon sa a te yon gwo kesyon.
Antre li nan Paradi a depann sou akonplisman 5 pilye Islam yo, ki se: 2 temwayaj yo, lapriyè a, Zakat la, jèn nan, ak pelerinaj Lamèk.
Tèt relijyon an, responsablite ki gen plis valè yo ak devwa ki pi wo yo se Tawid Allah (Inisite Allah), nan fè tout adorasyon yo pou li sèlman, li pa gen asosye.
Se yon mizèrikòd Allah genyen pou sèvitè li yo, sèke li te louvri pòt byenfè yo pou yo, pou yo kapab fè pwovizyon nan mwayen pou jwenn rekonpans ak padon pou peche yo.
Merit chèche apwoche pi prè Allah ak priyè volontè (nawafil) yo aprè yon moun fin fè priyè obligatwa yo.
Lapriyè nan relijyon Islam nan se tankou poto mitan ki kenbe yon tant kanpe; Islam nan disparèt lè lapriyè a disparèt, menm jan tant lan tonbe lè poto li a tonbe.
Obligasyon pou pwoteje (kontwole) lang lan kont tout sa ki ka fè yon moun ditò nan relijyon li.
Kenbe bouch la (pawòl la), kontwole li, epi metrize li, se rasin tout byen.
Sounna At-Tirmidhi (4/ 362) (2616).
Sounna Ibn Majah (5/ 116) (3973).
Mousnad Ahmad (36/ 344) (22016).
Plis (6)
التحفة الربانية.
لإسماعيل الأنصاري (ص67).
شرح الأربعين النووية.
للعثيمين (ص291).
الأحاديث الأربعين النووية مع ما زاد عليها ابن رجب وعليها الشرح الموجز المفيد.
لعبد الله بن صالح المحسن (ص57).
Cited in books
11 BooksPlis (11)
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الثالث)«رَأْسُ الْأَمْرِ الْإِسْلَامُ، وَعَمُودُهُ الصَّلَاةُ»
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الثالث)«رَأْسُ الْأَمْرِ الْإِسْلَامُ، وَعَمُودُهُ الصَّلَاةُ»
- الخطب المنبريةموسوعة الخطب المنبرية (القسم الثالث)«... وَالصَّدَقَةُ تُطْفِئُ الْخَطِيئَةَ كَمَا يُطْفِئُ الْمَاءُ النَّارَ»
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«رَأْسُ الْأَمْرِ الْإِسْلَامُ، وَعَمُودُهُ الصَّلَاةُ، وَذِرْوَةُ سَنَامِهِ الْجِهَادُ،...»[3]،
- شرح الأربعين النووية«لَقَدْ سَأَلْتَ عَنْ عَظِيمٍ، وَإِنَّهُ لَيَسِيرٌ عَلَى مَنْ يَسَّرَهُ اللَّهُ عَلَيْهِ: تَعْبُدُ اللَّهَ لَا تُشْرِكُ بِهِ شَيْئًا، وَتُقِيمُ الصَّلَاةَ، وَتُؤْتِي الزَّكَاةَ، وَتَصُومُ رَمَضَانَ، وَتَحُجُّ الْبَيْتَ، ثُمَّ قَالَ: أَلَا أ
- فتاوى المرضىفتاوى المرضى «الصدقة تطفئ الخطيئة كما يطفئ الماء النار»
- فصول في الصيام والتراويح والزكاة«وَالصَّدَقَةُ تُطْفِئُ الْخَطِيئَةَ كَمَا يُطْفِئُ النَّارَ الْمَاءُ» [19].
- مجموعة زاد الحديث(3)1«الصَّدَقةُ تطْفِئُ الخطيئَةَ كما يُطفِئُ الماءُ النَّارَ»
- مشروع منهاج زادكزادك 1 طالب«رَأْسُ الأَمْرِ الإِسْلَامُ، وَعَمُودُهُ الصَّلَاةُ»
- مشروع منهاج زادكزادك 1 طالب«رَأْسُ الأَمْرِ الإِسْلَامُ، وَعَمُودُهُ الصَّلَاةُ».
- نبراس طالب (1)1«رَأْسُ الأَمْرِ الإِسْلَامُ، وَعَمُودُهُ الصَّلَاةُ»